57 | GEN 3:1 | Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’” |
65 | GEN 3:9 | Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?” |
67 | GEN 3:11 | Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a? |
69 | GEN 3:13 | Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.” |
86 | GEN 4:6 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? |
87 | GEN 4:7 | Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.” |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
90 | GEN 4:10 | Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. |
317 | GEN 12:18 | Epi Farawon te rele Abram e te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? |
318 | GEN 12:19 | Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.” |
328 | GEN 13:9 | Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe; si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat; oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.” |
363 | GEN 15:2 | Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” |
369 | GEN 15:8 | Li te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?” |
390 | GEN 16:8 | Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.” |
395 | GEN 16:13 | Epi li te rele non a SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”; paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? |
415 | GEN 17:17 | Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm san lane? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” |
434 | GEN 18:9 | Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”. |
437 | GEN 18:12 | Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?” |
438 | GEN 18:13 | Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’ |
439 | GEN 18:14 | “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.” |
443 | GEN 18:18 | Paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni? |
448 | GEN 18:23 | Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? |
449 | GEN 18:24 | Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo? |
450 | GEN 18:25 | “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” |
453 | GEN 18:28 | Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.” |
454 | GEN 18:29 | Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.” |
455 | GEN 18:30 | Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.” |
456 | GEN 18:31 | Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.” |
457 | GEN 18:32 | Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.” |
463 | GEN 19:5 | epi yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab gen antre an relasyon avèk yo.” |
470 | GEN 19:12 | Epi de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, fi ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a; |
478 | GEN 19:20 | Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.” |
500 | GEN 20:4 | Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li; epi li te di: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? |
501 | GEN 20:5 | Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.” |
505 | GEN 20:9 | Alò, Abimélec te rele Abraham e li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: |
506 | GEN 20:10 | Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?” |
521 | GEN 21:7 | Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Deja, m ba li yon fis nan vyeyès li.” |
531 | GEN 21:17 | Bondye te tande jènjan an t ap kriye; epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la, e li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. |
543 | GEN 21:29 | Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?” |
555 | GEN 22:7 | Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?” |
587 | GEN 23:15 | “Mèt mwen, koute mwen; yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.” |
597 | GEN 24:5 | Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a; èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?” |
615 | GEN 24:23 | epi li te di: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?” |
623 | GEN 24:31 | Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?” |
639 | GEN 24:47 | “Mwen te mande li, e te di: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te di: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a’; epi mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li. |
650 | GEN 24:58 | Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.” |
657 | GEN 24:65 | Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te di: “Li se mèt mwen.” Epi li Rebecca te pran vwal la, e li te kouvri tèt li. |
681 | GEN 25:22 | Men pitit yo te an konfli anndan vant li; e li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Epi li te ale mande a SENYÈ a. |
691 | GEN 25:32 | Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?” |
702 | GEN 26:9 | Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” |
703 | GEN 26:10 | Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.” |
720 | GEN 26:27 | Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e pouse mwen lwen nou?” |
746 | GEN 27:18 | Epi li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?” |
748 | GEN 27:20 | Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.” |
752 | GEN 27:24 | Epi li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te di: “Se Mwen.” |
760 | GEN 27:32 | Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?”: Epi li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.” |
761 | GEN 27:33 | Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.” |
764 | GEN 27:36 | Epi li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?” |
765 | GEN 27:37 | Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?” |
766 | GEN 27:38 | Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Epi Ésaü te leve vwa l e te kriye. |
773 | GEN 27:45 | jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?” |
774 | GEN 27:46 | Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo; si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?” |
800 | GEN 29:4 | Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Epi yo te di: “Nou sòti nan Charan.” |
801 | GEN 29:5 | Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.” |
802 | GEN 29:6 | Epi li te di yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te di: “Wi, tout bagay ale byen pou li; men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.” |
811 | GEN 29:15 | Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?” |
821 | GEN 29:25 | Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?” |
833 | GEN 30:2 | Epi chalè Jacob te brile kont Rachel, e li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?” |
846 | GEN 30:15 | Men li te di li: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Epi èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Epi Rachel te di: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.” |
861 | GEN 30:30 | Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?” |
862 | GEN 30:31 | Epi li te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” Epi Jacob te di: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo; |
888 | GEN 31:14 | Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete? |
889 | GEN 31:15 | Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou, e osi li te fin manje tout sa ke nou te fin achte. |
900 | GEN 31:26 | Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe? |
901 | GEN 31:27 | Poukisa ou te sove ale an sekrè, ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap? |
904 | GEN 31:30 | Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?” |
910 | GEN 31:36 | Alò, Jacob te vin fache, li te konfwonte Laban; epi Jacob te di Laban: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa? |
911 | GEN 31:37 | Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a. |
917 | GEN 31:43 | Epi Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen, e tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? |
946 | GEN 32:18 | Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’ |
956 | GEN 32:28 | Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Epi li te di: “Jacob.” |
958 | GEN 32:30 | Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la. |
966 | GEN 33:5 | Li te leve zye li; li te wè fanm yo, e li te di: “Se kilès sila yo ki avèk ou la a?” Epi li te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.” |
969 | GEN 33:8 | Epi li te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Epi li te di: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.” |
976 | GEN 33:15 | Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” |
1004 | GEN 34:23 | Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.” |
1012 | GEN 34:31 | Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?” |
1092 | GEN 37:8 | Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pou pawòl li yo. |
1094 | GEN 37:10 | Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo; epi papa li te reprimande li e te di li: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?” |
1097 | GEN 37:13 | Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen voye ou bò kote yo.” Epi li te di li: “Mwen va ale”. |
1099 | GEN 37:15 | Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an; epi mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?” |
1110 | GEN 37:26 | Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li? |
1114 | GEN 37:30 | Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?” |
1136 | GEN 38:16 | Epi li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi li te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?” |
1137 | GEN 38:17 | Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?” |
1138 | GEN 38:18 | Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Epi li te bay yo a li menm, li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. |
1141 | GEN 38:21 | Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “pa t gen jennès tanp isit la.” |
1145 | GEN 38:25 | Epi se te pandan yo t ap mete li deyò ke li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Epi li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès bagay sign sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?” |
1159 | GEN 39:9 | Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” |
1180 | GEN 40:7 | Li te mande ofisye Farawon an sila yo ki te avèk li anprizone nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?” |