Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   ‘    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
311  GEN 12:12  epi lè Ejipsyen yo wè ou ke yo va di: Sa se madanm li;’ epi yo va touye mwen, men yo va kite ou viv.
360  GEN 14:23  ke mwen p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di se ou ki fè Abram vin rich’.
438  GEN 18:13  Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
501  GEN 20:5  Èske li menm, li pa t di mwen: Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
509  GEN 20:13  epi li te rive lè pou Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, ke mwen te di li: Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: li se frè m.’’”
599  GEN 24:7  SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen. Li te sèmante ak mwen, e Li te di: A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’, Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
606  GEN 24:14  Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: Souple, desann veso ou pou m kab bwè’:, e ki reponn: Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’ lese li se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac; epi konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
629  GEN 24:37  Mèt mwen an te fè m sèmante, e te di: Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la;
631  GEN 24:39  “Mwen te di a mèt mwen an: Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
632  GEN 24:40  “Li te di mwen: SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi, ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.
634  GEN 24:42  “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi;
636  GEN 24:44  epi li di mwen: Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou a’; ke sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
637  GEN 24:45  “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: Souple, kite m bwè.’”
638  GEN 24:46  “Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
639  GEN 24:47  “Mwen te mande li, e te di: Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te di: Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a’; epi mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
702  GEN 26:9  Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
721  GEN 26:28  Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou; alò, nou te di: Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,
735  GEN 27:7  Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
882  GEN 31:8  Si li te pale konsa: Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte; epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase.
885  GEN 31:11  “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: Jacob’, epi mwen te di: Men mwen.’
886  GEN 31:12  “Li te di: Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele; paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo.
903  GEN 31:29  Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa, e Li te di: Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.
933  GEN 32:5  Li te bay yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a;
938  GEN 32:10  Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, o SENYÈ ki te di mwen an: Retounen nan peyi ou e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere.’
941  GEN 32:13  Paske ou te di: Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”
946  GEN 32:18  Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’
947  GEN 32:19  Alò, ou va di: Se pou sèvitè ou, Jacob; se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Epi gade byen, men li la dèyè nou.’”
949  GEN 32:21  Ou va di: Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li; petèt li kapab aksepte mwen.’”
1101  GEN 37:17  Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la; paske mwen te tande yo di: Annou ale Dothan.’” Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan.
1104  GEN 37:20  Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
1142  GEN 38:22  Epi li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li; e anplis de sa, mesye nan zòn di ke: Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”
1275  GEN 42:22  Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: Pa peche kont tigason an;’ epi nou te refize tande? Koulye a fwi san li an vin parèt.”
1284  GEN 42:31  Men nou te di li: Nou se moun onèt; se pa espyon nou ye.
1286  GEN 42:33  “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale.
1294  GEN 43:3  Men Juda te pale avèk li, e te di: “Nonm nan te menase nou ke: Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
1296  GEN 43:5  Men si ou pa voye li, nou p ap desann; paske nonm nan te di nou: Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
1298  GEN 43:7  Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou, e li te di: Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: Mennen frè nou an desann?’”
1329  GEN 44:4  Yo te fenk kite vil la e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo, e lè nou rive sou yo, di yo konsa: Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?
1344  GEN 44:19  Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’
1345  GEN 44:20  Nou te di a mèt mwen: Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’
1346  GEN 44:21  “Epi ou te di sèvitè ou yo: Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’
1347  GEN 44:22  “Men nou te di a mèt nou: Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’
1348  GEN 44:23  “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
1350  GEN 44:25  Papa nou te di nou: Retounen achte yon ti manje.’
1351  GEN 44:26  Men nou te di: Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann; paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
1352  GEN 44:27  “Sèvitè ou, papa m te di a nou: Ou konnen ke madanm mwen te fè de fis pou mwen;
1357  GEN 44:32  Paske sèvitè ou te devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’
1368  GEN 45:9  “Fè vit, monte vè papa m e di li: Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la; vin desann kote mwen, e pa mize.”
1378  GEN 45:19  “Koulye a mwen pase lòd: sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini.
1418  GEN 46:31  Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: “Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen.
1420  GEN 46:33  “Lè Farawon rele nou e di: Kisa nou fè kòm metye.’
1421  GEN 46:34  Nou va di: Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.”
1456  GEN 48:4  epi li te di mwen: Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi e miltipliye anpil, epi Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’
1472  GEN 48:20  Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”
1512  GEN 50:5  Papa m te fè m sèmante e te di: Gade byen, mwen prèt pou mouri; nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
1524  GEN 50:17  Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Epi koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.
1593  EXO 3:13  Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
1594  EXO 3:14  Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
1595  EXO 3:15  Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
1596  EXO 3:16  Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen vrèman enkyete pou nou menm, ak sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
1597  EXO 3:17  Epi Mwen te di: Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
1598  EXO 3:18  “Yo va koute sa ke ou di yo a; epi ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin vè wa Égypte la, e nou va di li: SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’
1624  EXO 4:22  Epi ou va di a Farawon: Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.
1634  EXO 5:1  Epi apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
1641  EXO 5:8  “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l; nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese, e se pou sa y ap kriye a: Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’
1643  EXO 5:10  Epi chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la, e te di: “Konsa pale Farawon: Mwen p ap bannou okenn pay.
1649  EXO 5:16  Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.”
1650  EXO 5:17  Men li te di: “Nou se parese, nou parese anpil; se pou sa nou di: Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’
1662  EXO 6:6  “Pou sa, di a fis Israël yo: Mwen menm se SENYÈ a, Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
1663  EXO 6:7  Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
1695  EXO 7:9  “Lè Farawon pale nou e di: yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”
1702  EXO 7:16  Ou va di li: SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou, e te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”
1705  EXO 7:19  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san; epi va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
1712  EXO 7:26  Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.
1716  EXO 8:1  Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
1727  EXO 8:12  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
1731  EXO 8:16  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
1744  EXO 9:1  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
1756  EXO 9:13  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
1758  EXO 9:15  Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè.
1761  EXO 9:18  Gade byen, vè lè sa a demen, Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan.
1781  EXO 10:3  Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
1782  EXO 10:4  Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la.
1811  EXO 11:4  Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: minwit M ap prale nan mitan Égypte la,
1815  EXO 11:8  Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
1820  EXO 12:3  “Pale a tout asanble Israël la, e di: Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay.
1822  EXO 12:5  Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo; nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo.
1825  EXO 12:8  Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè.
1829  EXO 12:12  Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt; epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
1831  EXO 12:14  Alò, jou sa a va vin yon jou memorab pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a; pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”
1843  EXO 12:26  “Epi lè pitit nou di nou: Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’
1844  EXO 12:27  Nou va di: Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” Epi pèp la te bese ba, e te adore.
1876  EXO 13:8  Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’
1882  EXO 13:14  “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, e di: Kisa sa ye?’, alò ou va di li: Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.
1893  EXO 14:3  Paske Farawon va di de fis Israël yo: Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’
1902  EXO 14:12  Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”
1957  EXO 16:9  Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’”
1960  EXO 16:12  “Mwen tande plent a fis Israël yo; pale ak yo, e di: Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen; epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
1964  EXO 16:16  Men sa ke SENYÈ a kòmande: Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje; nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”