3 | GEN 1:3 | Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. |
6 | GEN 1:6 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. |
9 | GEN 1:9 | Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt. |
11 | GEN 1:11 | Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt. |
15 | GEN 1:15 | ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa. |
20 | GEN 1:20 | Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” |
22 | GEN 1:22 | Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” |
24 | GEN 1:24 | Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. |
26 | GEN 1:26 | Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. |
28 | GEN 1:28 | Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. |
30 | GEN 1:30 | Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. |
48 | GEN 2:17 | men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.” |
49 | GEN 2:18 | Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”. |
55 | GEN 2:24 | “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.” |
57 | GEN 3:1 | Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’” |
59 | GEN 3:3 | men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.” |
60 | GEN 3:4 | Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” |
65 | GEN 3:9 | Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?” |
66 | GEN 3:10 | Li te di: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.” |
68 | GEN 3:12 | Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” |
69 | GEN 3:13 | Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.” |
71 | GEN 3:15 | Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.” |
72 | GEN 3:16 | A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.” |
75 | GEN 3:19 | Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.” |
78 | GEN 3:22 | Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” |
81 | GEN 4:1 | Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” |
87 | GEN 4:7 | Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.” |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
92 | GEN 4:12 | Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò; ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.” |
94 | GEN 4:14 | Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” |
95 | GEN 4:15 | Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. |
104 | GEN 4:24 | Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.” |
105 | GEN 4:25 | Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”. |
108 | GEN 5:2 | Li te kreye yo mal avèk femèl, Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a. |
135 | GEN 5:29 | Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.” |
141 | GEN 6:3 | Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.” |
145 | GEN 6:7 | SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.” |
159 | GEN 6:21 | Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.” |
164 | GEN 7:4 | Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit; epi Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.” |
206 | GEN 8:22 | “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, e lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.” |
213 | GEN 9:7 | Epi pou nou: se pou nou vin fekon, e miltipliye; peple tè a anpil, e miltipliye ladann.” |
217 | GEN 9:11 | “Mwen etabli akò Mwen avèk nou; epi tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.” |
222 | GEN 9:16 | “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.” |
223 | GEN 9:17 | Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.” |
231 | GEN 9:25 | Konsa li te di: “Se pou Canaan modi; se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.” |
233 | GEN 9:27 | Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.” |
244 | GEN 10:9 | Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”. |
270 | GEN 11:3 | Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye. |
271 | GEN 11:4 | Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la, e annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.” |
274 | GEN 11:7 | Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.” |
302 | GEN 12:3 | Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Epi nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.” |
306 | GEN 12:7 | SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a. |
312 | GEN 12:13 | Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.” |
318 | GEN 12:19 | Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.” |
328 | GEN 13:9 | Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe; si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat; oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.” |
336 | GEN 13:17 | Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”. |
357 | GEN 14:20 | Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Li te bay li yon dim nan tout bagay. |
358 | GEN 14:21 | Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.” |
361 | GEN 14:24 | Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.” |
362 | GEN 15:1 | Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon, e te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou; rekonpans ou va gran.” |
363 | GEN 15:2 | Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” |
364 | GEN 15:3 | Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.” |
365 | GEN 15:4 | Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li e te di: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.” |
366 | GEN 15:5 | Epi li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.” |
368 | GEN 15:7 | Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.” |
369 | GEN 15:8 | Li te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?” |
370 | GEN 15:9 | Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twa lane, yon femèl kabrit twa lane, yon mal mouton nan twa lane, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.” |
377 | GEN 15:16 | Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.” |
382 | GEN 15:21 | Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.” |
384 | GEN 16:2 | Epi Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an; petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï. |
387 | GEN 16:5 | Epi Saraï te di Abram: “Kite tò ki rive mwen an, vin sou ou. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.” |
388 | GEN 16:6 | Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li. |
390 | GEN 16:8 | Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.” |
391 | GEN 16:9 | Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” |
392 | GEN 16:10 | Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.” |
394 | GEN 16:12 | Li va yon nonm tankou bourik mawon; men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li; epi li va viv kote lès a tout frè li yo.” |
395 | GEN 16:13 | Epi li te rele non a SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”; paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? |
400 | GEN 17:2 | Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.” |
406 | GEN 17:8 | “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan; epi Mwen va Bondye pa yo.” |
412 | GEN 17:14 | Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a; li vyole akò Mwen an.” |
414 | GEN 17:16 | Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon; wa a pèp yo va sòti nan li.” |
415 | GEN 17:17 | Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm san lane? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” |
416 | GEN 17:18 | Epi Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!” |
419 | GEN 17:21 | “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.” |
430 | GEN 18:5 | epi mwen va pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.” |
431 | GEN 18:6 | Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.” |
434 | GEN 18:9 | Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”. |
435 | GEN 18:10 | Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. |
437 | GEN 18:12 | Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?” |
439 | GEN 18:14 | “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.” |
440 | GEN 18:15 | Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.” |
444 | GEN 18:19 | Paske Mwen te chwazi li, pou li kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li pou kenbe chemen SENYÈ a pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham sa ke li te pale de li a.” |
446 | GEN 18:21 | Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.” |
450 | GEN 18:25 | “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” |
451 | GEN 18:26 | Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.” |
453 | GEN 18:28 | Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.” |
454 | GEN 18:29 | Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.” |
455 | GEN 18:30 | Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.” |
456 | GEN 18:31 | Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.” |
457 | GEN 18:32 | Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.” |