Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   E    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

3  GEN 1:3  Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
10  GEN 1:10  Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te ke sa te bon.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
30  GEN 1:30  Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
34  GEN 2:3  Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo.
35  GEN 2:4  Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
39  GEN 2:8  Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden; e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
41  GEN 2:10  Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
45  GEN 2:14  Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
46  GEN 2:15  Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
56  GEN 2:25  Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
64  GEN 3:8  Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
67  GEN 3:11  Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
69  GEN 3:13  Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
70  GEN 3:14  SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
76  GEN 3:20  Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.
77  GEN 3:21  SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
78  GEN 3:22  Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
79  GEN 3:23  Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l dejaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
80  GEN 3:24  Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
81  GEN 4:1  Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
82  GEN 4:2  Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
83  GEN 4:3  Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
84  GEN 4:4  Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la;
86  GEN 4:6  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
87  GEN 4:7  Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
88  GEN 4:8  Cain te di frè l la, Abel, an ale nan chan. Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?”
93  GEN 4:13  Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
96  GEN 4:16  Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
102  GEN 4:22  Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
116  GEN 5:10  Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
119  GEN 5:13  Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te vin papa Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
122  GEN 5:16  Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
135  GEN 5:29  Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
141  GEN 6:3  Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
143  GEN 6:5  Alò SENYÈ a te ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
144  GEN 6:6  Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L.
145  GEN 6:7  SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
146  GEN 6:8  Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
157  GEN 6:19  Epi soti nan tout chè bèt k ap viv ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la pou kenbe yo vivan; epi yo va mal avèk femèl.
161  GEN 7:1  Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
167  GEN 7:7  Epi Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
175  GEN 7:15  Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
176  GEN 7:16  Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
178  GEN 7:18  Epi dlo a te vin monte; li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
185  GEN 8:1  E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la; epi Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
187  GEN 8:3  Epi dlo a te bese ofiramezi, sou tè a, e apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
192  GEN 8:8  Epi li te voye deyon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a;
194  GEN 8:10  Epi li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.
197  GEN 8:13  Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Epi Noé te retire kouvèti lach la, li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
204  GEN 8:20  Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
205  GEN 8:21  SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
207  GEN 9:1  Epi Bondye te beni Noé avèk fis li yo, e Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè.
211  GEN 9:5  Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm.
213  GEN 9:7  Epi pou nou: se pou nou vin fekon, e miltipliye; peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”
223  GEN 9:17  Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”
232  GEN 9:26  Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li.
239  GEN 10:4  Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
244  GEN 10:9  Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
251  GEN 10:16  Epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo.
252  GEN 10:17  Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo.
260  GEN 10:25  Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan.
269  GEN 11:2  Epi li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear a e yo te vin rete la.
270  GEN 11:3  Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.
272  GEN 11:5  SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
273  GEN 11:6  Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang. Epi se sa ke yo kòmanse fè, e koulye a nan nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.
275  GEN 11:8  Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la.
276  GEN 11:9  Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
278  GEN 11:11  Epi Sem te viv senk-san ane apre li te vin papa a Arpacschad, li te gen lòt fis ak fi.
288  GEN 11:21  Epi Rehu te viv pandan de-san-sèt ane, apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
300  GEN 12:1  Alò, SENYÈ a te di a Abram: “sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou vè yon peyi ke Mwen va montre nou;
301  GEN 12:2  Epi Mwen va fè ou vin yon gran nasyon, Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran; epi konsa ou va yon benediksyon;
302  GEN 12:3  Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Epi nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
303  GEN 12:4  Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la; e Lot te ale avè l. Epi Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
306  GEN 12:7  SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
307  GEN 12:8  Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel, e li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès; epi la li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
310  GEN 12:11  Epi li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl;
311  GEN 12:12  epi Ejipsyen yo wè ou ke yo va di: ‘Sa se madanm li;’ epi yo va touye mwen, men yo va kite ou viv.
313  GEN 12:14  Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te ke fanm nan te byen bèl.
316  GEN 12:17  Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.