29 | GEN 1:29 | Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; |
44 | GEN 2:13 | Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. |
78 | GEN 3:22 | Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” |
151 | GEN 6:13 | Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. |
155 | GEN 6:17 | “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la; tout bagay ki sou latè va peri. |
215 | GEN 9:9 | “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo; |
237 | GEN 10:2 | Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras. |
238 | GEN 10:3 | Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma. |
251 | GEN 10:16 | Epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo. |
254 | GEN 10:19 | Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha. |
258 | GEN 10:23 | Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch. |
273 | GEN 11:6 | Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang. Epi se sa ke yo kòmanse fè, e koulye a nan nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. |
310 | GEN 12:11 | Epi li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl; |
329 | GEN 13:10 | Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. |
338 | GEN 14:1 | Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan, |
339 | GEN 14:2 | Ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar. |
345 | GEN 14:8 | Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt; epi yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan, |
346 | GEN 14:9 | Kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk. |
347 | GEN 14:10 | Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo; epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e youn nan yo vin tonbe. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo. |
348 | GEN 14:11 | Epi yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati. |
382 | GEN 15:21 | Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.” |
388 | GEN 16:6 | Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li. |
445 | GEN 18:20 | Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase, |
478 | GEN 19:20 | Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.” |
479 | GEN 19:21 | Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a. |
482 | GEN 19:24 | Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe; |
486 | GEN 19:28 | epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout teren nan vale a, li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo. |
492 | GEN 19:34 | Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m; annou fè li bwè diven aswè a tou; epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an pa papa nou.” |
497 | GEN 20:1 | Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la, li te vin rete antre Kàdes ak Schur; e li te pase yon tan Guérar. |
498 | GEN 20:2 | Abraham te di pa Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah. |
555 | GEN 22:7 | Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?” |
568 | GEN 22:20 | Epi li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: |
572 | GEN 22:24 | Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca. |
605 | GEN 24:13 | Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo. |
635 | GEN 24:43 | Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e a moun mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”, |
682 | GEN 25:23 | SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou; e de pèp va vin separe sòti nan vant ou; epi yon pèp va pi pwisan ke lòt la; epi pi gran an va sèvi pi jèn nan.” |
691 | GEN 25:32 | Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?” |
694 | GEN 26:1 | Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Epi Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo. |
699 | GEN 26:6 | Konsa, Isaac te viv Guérar. |
702 | GEN 26:9 | Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” |
710 | GEN 26:17 | Epi Isaac te pati la, li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la. |
713 | GEN 26:20 | Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. |
719 | GEN 26:26 | Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a. |
730 | GEN 27:2 | Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye, e mwen pa konnen jou ke m ap mouri an. |
739 | GEN 27:11 | Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa. |
765 | GEN 27:37 | Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?” |
767 | GEN 27:39 | Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li: “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la. |
770 | GEN 27:42 | Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou. |
789 | GEN 28:15 | “Gade byen, Mwen avèk ou, Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a; paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.” |
803 | GEN 29:7 | Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.” |
842 | GEN 30:11 | Epi Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad. |
895 | GEN 31:21 | Alò, li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen; epi li te leve e te travèse lariviyè Euphrate la, epi li te byen fikse figi li vè peyi mòn nan Galaad yo. |
897 | GEN 31:23 | Konsa, li te pran moun fanmi li yo, li te kouri dèyè li pandan yon distans sèt jou, e li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo. |
899 | GEN 31:25 | Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo. |
921 | GEN 31:47 | Alò Laban te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed. |
922 | GEN 31:48 | Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed, |
925 | GEN 31:51 | Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an. |
926 | GEN 31:52 | Gwo pil sa a se yon temwen, e pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal. |
929 | GEN 32:1 | Granmmaten, Laban te leve, li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li. |
949 | GEN 32:21 | Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li; petèt li kapab aksepte mwen.’” |
1038 | GEN 35:26 | fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram. |
1052 | GEN 36:11 | Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz. |
1057 | GEN 36:16 | chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an; sa yo se fis a Ada yo. |
1093 | GEN 37:9 | Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo, e li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.” |
1109 | GEN 37:25 | Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte. |
1225 | GEN 41:29 | Gade byen, sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la. |
1333 | GEN 44:8 | Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la? |
1369 | GEN 45:10 | Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” |
1371 | GEN 45:12 | Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. |
1385 | GEN 45:26 | Yo te di li e yo te pale konsa: “Joseph toujou vivan, e vrèman li se Gouvènè tout peyi Égypte la.” Men li te sezi, paske li pa t kwè yo. |
1398 | GEN 46:11 | Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. |
1403 | GEN 46:16 | Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli. |
1408 | GEN 46:21 | Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard. |
1411 | GEN 46:24 | Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem. |
1415 | GEN 46:28 | Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan Gosen; epi yo te vini nan peyi Gosen. |
1416 | GEN 46:29 | Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël; depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan. |
1421 | GEN 46:34 | Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.” |
1422 | GEN 47:1 | Epi Joseph te antre, li te pale ak Farawon, e te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an; epi gade byen, yo nan peyi Gosen.” |
1425 | GEN 47:4 | Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.” |
1427 | GEN 47:6 | Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an; epi si ou konnen moun ki kapab pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.” |
1448 | GEN 47:27 | Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen, yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil. |
1453 | GEN 48:1 | Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Epi li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li. |
1454 | GEN 48:2 | Epi lè yo te fin pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou,” Israël te ranmase fòs li, e li te chita sou kabann nan. |
1456 | GEN 48:4 | epi li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi e miltipliye anpil, epi Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm posesyon k ap dire pou tout tan.’ |
1473 | GEN 48:21 | Epi Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. |
1493 | GEN 49:19 | Pou Gad, piyajè yo va piyaje li, men li va piyaje vè talon pa yo. |
1512 | GEN 50:5 | Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri; nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.” |
1515 | GEN 50:8 | Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an. |
1525 | GEN 50:18 | Epi frè li yo osi te vin tonbe ba devan li, e te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.” |
1537 | EXO 1:4 | Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. |
1542 | EXO 1:9 | Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. |
1577 | EXO 2:22 | Epi li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.” |
1593 | EXO 3:13 | Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?” |
1625 | EXO 4:23 | Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M; men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’” |
1638 | EXO 5:5 | Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!” |
1668 | EXO 6:12 | Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?” |