29 | GEN 1:29 | Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; |
30 | GEN 1:30 | Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. |
37 | GEN 2:6 | Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. |
49 | GEN 2:18 | Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”. |
66 | GEN 3:10 | Li te di: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.” |
67 | GEN 3:11 | Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a? |
71 | GEN 3:15 | Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.” |
72 | GEN 3:16 | A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.” |
73 | GEN 3:17 | Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. |
81 | GEN 4:1 | Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
90 | GEN 4:10 | Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. |
98 | GEN 4:18 | Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec. |
118 | GEN 5:12 | Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel. |
119 | GEN 5:13 | Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te vin papa Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi. |
121 | GEN 5:15 | Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. |
122 | GEN 5:16 | Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. |
123 | GEN 5:17 | Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri. |
127 | GEN 5:21 | Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. |
128 | GEN 5:22 | Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin apa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. |
131 | GEN 5:25 | Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec. |
132 | GEN 5:26 | Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. |
133 | GEN 5:27 | Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri. |
141 | GEN 6:3 | Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.” |
145 | GEN 6:7 | SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.” |
146 | GEN 6:8 | Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a. |
151 | GEN 6:13 | Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. |
155 | GEN 6:17 | “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la; tout bagay ki sou latè va peri. |
156 | GEN 6:18 | “Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou; epi ou va antre nan lach la—-ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou. |
164 | GEN 7:4 | Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit; epi Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.” |
201 | GEN 8:17 | Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a. |
205 | GEN 8:21 | SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a. |
209 | GEN 9:3 | Chak bagay ki fè mouvman, e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou; Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la. |
211 | GEN 9:5 | Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm. |
215 | GEN 9:9 | “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo; |
217 | GEN 9:11 | “Mwen etabli akò Mwen avèk nou; epi tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.” |
218 | GEN 9:12 | Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. |
219 | GEN 9:13 | Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. |
221 | GEN 9:15 | epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè; epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè. |
222 | GEN 9:16 | “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.” |
223 | GEN 9:17 | Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.” |
229 | GEN 9:23 | Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo; epi figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li. |
237 | GEN 10:2 | Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras. |
241 | GEN 10:6 | Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan. |
248 | GEN 10:13 | Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. |
258 | GEN 10:23 | Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch. |
265 | GEN 10:30 | Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la. |
266 | GEN 10:31 | Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo. |
296 | GEN 11:29 | Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï; e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. |
300 | GEN 12:1 | Alò, SENYÈ a te di a Abram: “sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou vè yon peyi ke Mwen va montre nou; |
301 | GEN 12:2 | Epi Mwen va fè ou vin yon gran nasyon, Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran; epi konsa ou va yon benediksyon; |
302 | GEN 12:3 | Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Epi nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.” |
305 | GEN 12:6 | Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a. |
306 | GEN 12:7 | SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a. |
316 | GEN 12:17 | Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan. |
334 | GEN 13:15 | Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, e a desandan ou yo pou tout tan. |
335 | GEN 13:16 | “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. |
336 | GEN 13:17 | Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”. |
337 | GEN 13:18 | Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a. |
344 | GEN 14:7 | Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi a yo a, e osi Amoreyen ki te rete Hatsatson-Thamar yo. |
347 | GEN 14:10 | Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo; epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e youn nan yo vin tonbe. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo. |
350 | GEN 14:13 | Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon alyans avèk Abram. |
351 | GEN 14:14 | Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. |
355 | GEN 14:18 | Epi Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pli Wo a. |
356 | GEN 14:19 | Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pli Wo a, Mèt Syèl la ak tè a. |
359 | GEN 14:22 | Abram te di a wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a, |
361 | GEN 14:24 | Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.” |
362 | GEN 15:1 | Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon, e te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou; rekonpans ou va gran.” |
368 | GEN 15:7 | Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.” |
375 | GEN 15:14 | Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. |
379 | GEN 15:18 | Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate; |
387 | GEN 16:5 | Epi Saraï te di Abram: “Kite tò ki rive mwen an, vin sou ou. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.” |
388 | GEN 16:6 | Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li. |
390 | GEN 16:8 | Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.” |
392 | GEN 16:10 | Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.” |
399 | GEN 17:1 | Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram, e Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an; mache devan mwen, e rete san fot. |
400 | GEN 17:2 | Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.” |
402 | GEN 17:4 | “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a; ou va papa a yon gran kantite nasyon. |
403 | GEN 17:5 | Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham; paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon. |
404 | GEN 17:6 | “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm. |
405 | GEN 17:7 | “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. |
406 | GEN 17:8 | “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan; epi Mwen va Bondye pa yo.” |
407 | GEN 17:9 | Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an; ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. |
408 | GEN 17:10 | Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi. |
409 | GEN 17:11 | “Epi nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. |
411 | GEN 17:13 | Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. |
412 | GEN 17:14 | Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a; li vyole akò Mwen an.” |
414 | GEN 17:16 | Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon; wa a pèp yo va sòti nan li.” |
417 | GEN 17:19 | Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac; epi Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo. |