Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   R    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
238  GEN 10:3  Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
242  GEN 10:7  Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
246  GEN 10:11  De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach,
247  GEN 10:12  Avèk Résen antre Ninive e Calach; ki se gran vil la.
285  GEN 11:18  Péleg te viv pandan trant ane, e li te vin papa a Reu;
286  GEN 11:19  epi Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
287  GEN 11:20  Rehu te viv pandan trant-de ane, e li te vin papa a Serug;
288  GEN 11:21  Epi Rehu te viv pandan de-san-sèt ane, apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
342  GEN 14:5  Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.
381  GEN 15:20  Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
391  GEN 16:9  Epi zanj SENYÈ a te di li:Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
553  GEN 22:5  Abraham te di a jèn sèvitè li yo:Rete isit la avèk bourik la, e mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
571  GEN 22:23  Bethuel te vin papa Rebecca. Uit Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.
572  GEN 22:24  Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.
607  GEN 24:15  Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li.
622  GEN 24:30  Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a; e konsa, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
637  GEN 24:45  “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’”
643  GEN 24:51  Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
645  GEN 24:53  Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca; li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li.
650  GEN 24:58  Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
651  GEN 24:59  Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo.
652  GEN 24:60  Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
653  GEN 24:61  Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
656  GEN 24:64  Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a.
657  GEN 24:65  Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te di: “Li se mèt mwen.” Epi li Rebecca te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
659  GEN 24:67  Epi Isaac te mennen li nan tant li, li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
679  GEN 25:20  Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
680  GEN 25:21  Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril; epi SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
687  GEN 25:28  Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
696  GEN 26:3  Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm e a desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
700  GEN 26:7  Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen”: paske li te pè pou di: “madanm mwen”: akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
701  GEN 26:8  Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.
715  GEN 26:22  Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li; epi li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
728  GEN 26:35  Yo te mennen traka pou Isaac avèk Rebecca.
733  GEN 27:5  Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay.
734  GEN 27:6  Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü, e li te di:
739  GEN 27:11  Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
743  GEN 27:15  Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
770  GEN 27:42  Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
772  GEN 27:44  Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese,
774  GEN 27:46  Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo; si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”
779  GEN 28:5  Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
802  GEN 29:6  Epi li te di yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te di: “Wi, tout bagay ale byen pou li; men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
805  GEN 29:9  Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje.
806  GEN 29:10  Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche, li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan.
807  GEN 29:11  Epi Jacob te bo Rachel, li te leve vwa li, e li te kriye.
808  GEN 29:12  Jacob te di Rachel ke li te yon moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca, li te kouri di papa l sa.
812  GEN 29:16  Alò, Laban te gen de fi; non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.
813  GEN 29:17  Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te byen bèl nan figi l, ni nan fòm li.
814  GEN 29:18  Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
816  GEN 29:20  Epi Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, e yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.
821  GEN 29:25  Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
824  GEN 29:28  Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li.
825  GEN 29:29  Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li.
826  GEN 29:30  Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
827  GEN 29:31  Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.
828  GEN 29:32  Léa te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen; asireman koulye a mari mwen va renmen m.”
832  GEN 30:1  Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou de sè li a; epi li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
833  GEN 30:2  Epi chalè Jacob te brile kont Rachel, e li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
837  GEN 30:6  Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon, Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.
838  GEN 30:7  Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
839  GEN 30:8  Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
845  GEN 30:14  Alò, nan jou a rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.”
846  GEN 30:15  Men li te di li: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Epi èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Epi Rachel te di: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
853  GEN 30:22  Alò, Bondye te sonje Rachel, li te okipe li, e li te louvri vant li.
856  GEN 30:25  Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.
877  GEN 31:3  Epi SENYÈ a te di a Jacob:Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e mwen va avèk ou.”
878  GEN 31:4  Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an,
888  GEN 31:14  Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete?
893  GEN 31:19  Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.
906  GEN 31:32  Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv; nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
908  GEN 31:34  Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo, li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Epi Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
938  GEN 32:10  Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, o SENYÈ ki te di mwen an:Retounen nan peyi ou e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere.’
962  GEN 33:1  Alò, Jacob te leve zye li, li te gade, e gade byen, Ésaü ki t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Epi li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
963  GEN 33:2  Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye.
968  GEN 33:7  Léa tou te apwoche avèk pitit li yo, yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.
1020  GEN 35:8  Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
1028  GEN 35:16  Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.
1031  GEN 35:19  Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).
1032  GEN 35:20  Jacob te monte yon pilye sou tonm li an e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
1034  GEN 35:22  Epi li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
1035  GEN 35:23  fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
1036  GEN 35:24  fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;
1037  GEN 35:25  fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali;
1045  GEN 36:4  Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
1051  GEN 36:10  Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
1054  GEN 36:13  Sa yo se fis Réuel yo: Nahath,rach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
1058  GEN 36:17  Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèfrach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
1078  GEN 36:37  Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
1105  GEN 37:21  Men Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.”
1106  GEN 37:22  Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l.
1113  GEN 37:29  Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
1131  GEN 38:11  Alò Juda te di a bofi li, Tamar: Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
1213  GEN 41:17  Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan;
1221  GEN 41:25  Alò, Joseph te di a Farawon: Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt.
1275  GEN 42:22  Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ epi nou te refize tande? Koulye a fwi san li an vin parèt.”
1290  GEN 42:37  Alò, Reuben te pale avèk papa l e te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou; mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”