24 | GEN 1:24 | Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. |
28 | GEN 1:28 | Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. |
32 | GEN 2:1 | Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lanmè yo. |
35 | GEN 2:4 | Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. |
36 | GEN 2:5 | Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. |
38 | GEN 2:7 | Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a, Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan. |
39 | GEN 2:8 | Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden; e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. |
40 | GEN 2:9 | Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la. |
46 | GEN 2:15 | Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan, Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li. |
47 | GEN 2:16 | Senyè Bondye a te kòmande lòm nan e te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, |
49 | GEN 2:18 | Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”. |
50 | GEN 2:19 | Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. |
52 | GEN 2:21 | Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li. |
53 | GEN 2:22 | Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li. |
60 | GEN 3:4 | Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” |
64 | GEN 3:8 | Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. |
65 | GEN 3:9 | Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?” |
69 | GEN 3:13 | Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.” |
70 | GEN 3:14 | SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. |
74 | GEN 3:18 | Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. |
77 | GEN 3:21 | SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. |
78 | GEN 3:22 | Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” |
79 | GEN 3:23 | Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a. |
81 | GEN 4:1 | Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” |
83 | GEN 4:3 | Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a. |
84 | GEN 4:4 | Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la; |
86 | GEN 4:6 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? |
87 | GEN 4:7 | Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.” |
89 | GEN 4:9 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?” |
93 | GEN 4:13 | Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! |
95 | GEN 4:15 | Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. |
96 | GEN 4:16 | Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an. |
102 | GEN 4:22 | Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama. |
104 | GEN 4:24 | Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.” |
105 | GEN 4:25 | Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”. |
106 | GEN 4:26 | Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a. |
107 | GEN 5:1 | Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye. |
109 | GEN 5:3 | Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l, li te rele li Seth. |
110 | GEN 5:4 | Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. |
112 | GEN 5:6 | Seth te viv san-senkant ane e li te vin papa Énosch. |
113 | GEN 5:7 | Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis k fi. |
114 | GEN 5:8 | Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri. |
135 | GEN 5:29 | Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.” |
138 | GEN 5:32 | Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet. |
141 | GEN 6:3 | Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.” |
142 | GEN 6:4 | Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te vin ak pitit fi a lòm yo, yo te fè pitit pou yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo. |
143 | GEN 6:5 | Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. |
144 | GEN 6:6 | Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L. |
145 | GEN 6:7 | SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.” |
146 | GEN 6:8 | Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a. |
147 | GEN 6:9 | Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a; Noé te mache avèk Bondye. |
148 | GEN 6:10 | Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet. |
153 | GEN 6:15 | Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude 18 pous se yon koude, lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude. |
161 | GEN 7:1 | Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. |
173 | GEN 7:13 | O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, |
176 | GEN 7:16 | Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li. |
200 | GEN 8:16 | Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. |
204 | GEN 8:20 | Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la. |
205 | GEN 8:21 | SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a. |
207 | GEN 9:1 | Epi Bondye te beni Noé avèk fis li yo, e Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. |
210 | GEN 9:4 | “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. |
218 | GEN 9:12 | Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. |
223 | GEN 9:17 | Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.” |
224 | GEN 9:18 | Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te: Sem, Cham, ak Japhet; epi Cham te papa Canaan. |
229 | GEN 9:23 | Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo; epi figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li. |
231 | GEN 9:25 | Konsa li te di: “Se pou Canaan modi; se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.” |
232 | GEN 9:26 | Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li. |
233 | GEN 9:27 | Ke Bondye agrandi Japhet, e ke li viv nan tant Sem yo; epi ke Canaan vin sèvitè li.” |
236 | GEN 10:1 | Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo; avèk fis ki te ne pou yo apre delij la. |
242 | GEN 10:7 | Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan. |
244 | GEN 10:9 | Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”. |
245 | GEN 10:10 | Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. |
250 | GEN 10:15 | Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth; |
252 | GEN 10:17 | Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo. |
254 | GEN 10:19 | Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha. |
255 | GEN 10:20 | Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo. |
256 | GEN 10:21 | Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. |
257 | GEN 10:22 | Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram. |
259 | GEN 10:24 | Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber. |
261 | GEN 10:26 | Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, |
263 | GEN 10:28 | Obal, Abimaël, Séba, |
265 | GEN 10:30 | Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la. |
266 | GEN 10:31 | Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo. |
267 | GEN 10:32 | Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo; epi de sa yo, konsa nasyon yo te separe sou latè apre delij la. |
269 | GEN 11:2 | Epi li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear a e yo te vin rete la. |
272 | GEN 11:5 | SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. |
273 | GEN 11:6 | Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang. Epi se sa ke yo kòmanse fè, e koulye a nan nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. |
275 | GEN 11:8 | Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la. |