Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   a    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

1  GEN 1:1  Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak a.
2  GEN 1:2  Late san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
4  GEN 1:4  Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
6  GEN 1:6  ABondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9  GEN 1:9  ABondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt.
10  GEN 1:10  Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke laa boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Late pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14  GEN 1:14  ABondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.