Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   g    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

3  GEN 1:3  Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
6  GEN 1:6  Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14  GEN 1:14  Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
17  GEN 1:17  Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
19  GEN 1:19  Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20  GEN 1:20  Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
23  GEN 1:23  Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
29  GEN 1:29  Alò Bondye te di,Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
30  GEN 1:30  Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31  GEN 1:31  Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
36  GEN 2:5  Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
42  GEN 2:11  Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
45  GEN 2:14  Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
49  GEN 2:18  Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl; Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
51  GEN 2:20  Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
57  GEN 3:1  Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
72  GEN 3:16  A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
74  GEN 3:18  Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
75  GEN 3:19  Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
78  GEN 3:22  Alò, SENYÈ Bondye a te di:Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
81  GEN 4:1  Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
84  GEN 4:4  Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la;
85  GEN 4:5  men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
86  GEN 4:6  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
87  GEN 4:7  Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?”
92  GEN 4:12  Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò; ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
94  GEN 4:14  Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a; epi fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
103  GEN 4:23  Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
109  GEN 5:3  Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l, li te rele li Seth.
110  GEN 5:4  Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
113  GEN 5:7  Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis k fi.
119  GEN 5:13  Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te vin papa Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
122  GEN 5:16  Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
125  GEN 5:19  Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
128  GEN 5:22  Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin apa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
132  GEN 5:26  Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
136  GEN 5:30  Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
138  GEN 5:32  Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
141  GEN 6:3  Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
142  GEN 6:4  Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te vin ak pitit fi a lòm yo, yo te fè pitit pou yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
143  GEN 6:5  Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
144  GEN 6:6  Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L.
145  GEN 6:7  SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
150  GEN 6:12  Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache.
151  GEN 6:13  Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
152  GEN 6:14  Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè; ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin.
153  GEN 6:15  Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude 18 pous se yon koude, lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude.
155  GEN 6:17  Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la; tout bagay ki sou latè va peri.
159  GEN 6:21  Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm; epi yo va sèvi pou ou menm kòm manje pou ou, ak pou yo.”
165  GEN 7:5  Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
166  GEN 7:6  Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
171  GEN 7:11  Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
175  GEN 7:15  Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
177  GEN 7:17  Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou; dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
178  GEN 7:18  Epi dlo a te vin monte; li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
182  GEN 7:22  Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri.
183  GEN 7:23  Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
195  GEN 8:11  Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
197  GEN 8:13  Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Epi Noé te retire kouvèti lach la, li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
203  GEN 8:19  Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè te sòti nan lach la selon espès pa yo.
205  GEN 8:21  SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
208  GEN 9:2  Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la; avèk tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout plase nan men nou.
209  GEN 9:3  Chak bagay ki fè mouvman, e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou; Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.
211  GEN 9:5  Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm.
217  GEN 9:11  “Mwen etabli akò Mwen avèk nou; epi tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”
218  GEN 9:12  Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.
219  GEN 9:13  Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.
222  GEN 9:16  “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”
223  GEN 9:17  Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”