8 | GEN 1:8 | Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou. |
13 | GEN 1:13 | Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou. |
14 | GEN 1:14 | Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; |
16 | GEN 1:16 | Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo. |
20 | GEN 1:20 | Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” |
21 | GEN 1:21 | Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon. |
22 | GEN 1:22 | Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” |
26 | GEN 1:26 | Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. |
28 | GEN 1:28 | Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. |
30 | GEN 1:30 | Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. |
31 | GEN 1:31 | Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou. |
33 | GEN 2:2 | Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo; epi Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. |
34 | GEN 2:3 | Epi Bondye te beni setyèm jou a e Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay ke Li te kreye e te fè yo. |
37 | GEN 2:6 | Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. |
41 | GEN 2:10 | Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an; epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. |
44 | GEN 2:13 | Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. |
45 | GEN 2:14 | Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate. |
50 | GEN 2:19 | Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. |
51 | GEN 2:20 | Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li. |
52 | GEN 2:21 | Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi; epi li te pran youn nan zo kòt li yo e te fèmen chè a nan plas li. |
54 | GEN 2:23 | Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz ke li te retire nan lòm. |
55 | GEN 2:24 | “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li; epi yo va vin tounen yon sèl chè.” |
61 | GEN 3:5 | Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal. |
62 | GEN 3:6 | Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. |
64 | GEN 3:8 | Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. |
70 | GEN 3:14 | SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. |
71 | GEN 3:15 | Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.” |
72 | GEN 3:16 | A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.” |
73 | GEN 3:17 | Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. |
74 | GEN 3:18 | Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. |
87 | GEN 4:7 | Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.” |
95 | GEN 4:15 | Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. |
96 | GEN 4:16 | Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an. |
102 | GEN 4:22 | Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama. |
103 | GEN 4:23 | Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m, nou menm ki madanm a Lémec yo; Byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m. |
105 | GEN 4:25 | Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li; epi li te bay nesans a yon fis, e li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”. |
106 | GEN 4:26 | Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a. |
114 | GEN 5:8 | Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri. |
116 | GEN 5:10 | Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi. |
123 | GEN 5:17 | Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri. |
136 | GEN 5:30 | Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. |
139 | GEN 6:1 | Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, |
140 | GEN 6:2 | Ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl; epi yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi. |
145 | GEN 6:7 | SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.” |
146 | GEN 6:8 | Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a. |
149 | GEN 6:11 | Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans. |
151 | GEN 6:13 | Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. |
152 | GEN 6:14 | Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè; ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. |
154 | GEN 6:16 | Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rete yon koude ke tèt li e mete pòt lach la sou kote li; ou va fè pi ba dezyèm avèk twazyèm etaj. |
158 | GEN 6:20 | “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. |
163 | GEN 7:3 | osi nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a. |
167 | GEN 7:7 | Epi Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. |
168 | GEN 7:8 | Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, |
171 | GEN 7:11 | Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. |
174 | GEN 7:14 | yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo. |
180 | GEN 7:20 | Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri. |
181 | GEN 7:21 | Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun; |
183 | GEN 7:23 | Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la. |
187 | GEN 8:3 | Epi dlo a te bese ofiramezi, sou tè a, e apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens. |
188 | GEN 8:4 | Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. |
189 | GEN 8:5 | Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a; nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib. |
191 | GEN 8:7 | epi li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a. |
198 | GEN 8:14 | Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch. |
201 | GEN 8:17 | Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a. |
203 | GEN 8:19 | Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè te sòti nan lach la selon espès pa yo. |
204 | GEN 8:20 | Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la. |
205 | GEN 8:21 | SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a. |
206 | GEN 8:22 | “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, e lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.” |
208 | GEN 9:2 | Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la; avèk tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout plase nan men nou. |
211 | GEN 9:5 | Anverite, Mwen va egzije san lavi nou; soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a lòm. |
216 | GEN 9:10 | epi avèk chak kreyati vivan ki avè w, zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou; tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a. |
220 | GEN 9:14 | Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, |
226 | GEN 9:20 | Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a e li te plante yon chan rezen. |
229 | GEN 9:23 | Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo; epi figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li. |
238 | GEN 10:3 | Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma. |
240 | GEN 10:5 | Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo. |
244 | GEN 10:9 | Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”. |
251 | GEN 10:16 | Epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo. |
254 | GEN 10:19 | Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha. |
260 | GEN 10:25 | Epi te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize; epi frè l la te rele Jokthan. |
262 | GEN 10:27 | Hadoram, Uzal, Dikla, |
270 | GEN 11:3 | Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye. |
276 | GEN 11:9 | Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a. |
292 | GEN 11:25 | epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi. |
295 | GEN 11:28 | Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo. |
303 | GEN 12:4 | Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la; e Lot te ale avè l. Epi Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran. |
304 | GEN 12:5 | Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, epi yo te pati pou peyi Canaan an; konsa yo te vin rive Canaan. |
309 | GEN 12:10 | Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a; ki fè Abram te desann an Égypte pou pase yon tan akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a. |
312 | GEN 12:13 | Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.” |