Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   È    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

35  GEN 2:4  Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
40  GEN 2:9  Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje; ab lavi a anplis nan mitan jaden an, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
64  GEN 3:8  Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
67  GEN 3:11  Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
70  GEN 3:14  SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
77  GEN 3:21  SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
78  GEN 3:22  Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
79  GEN 3:23  Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
81  GEN 4:1  Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève; li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain, epi li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
83  GEN 4:3  Epi li vin sòti pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
84  GEN 4:4  Abel, osi sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Epi SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la;
86  GEN 4:6  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen.Èske mwen se gadyen frè m nan?”
93  GEN 4:13  Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
95  GEN 4:15  Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
96  GEN 4:16  Epi Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
135  GEN 5:29  Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè k men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
141  GEN 6:3  Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè; malgre sa, jou li yo va san-ven-ane.”
143  GEN 6:5  Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
144  GEN 6:6  Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a e sa te blese Li nan kè L.
145  GEN 6:7  SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan yo, e a zwazo anlè yo; paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
146  GEN 6:8  Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
161  GEN 7:1  Epi SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske sèl ou mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
176  GEN 7:16  Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
204  GEN 8:20  Epi Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a, li te pran chak bèt ki pwòp, nan chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
205  GEN 8:21  SENYÈ a te pran sant dous la; epi SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn; e mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
232  GEN 9:26  Li te di osi: “Se pou beni SENYÈ a, Bondye a Cham nan; ke Canaan vin sèvitè li.
244  GEN 10:9  Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a; akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
272  GEN 11:5  SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.
275  GEN 11:8  Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a; epi yo te sispann bati gran vil la.
276  GEN 11:9  Pou sa, yo te rele non li Babel, akoz ke la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè; epi depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
300  GEN 12:1  Alò, SENYÈ a te di a Abram: “sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou vè yon peyi ke Mwen va montre nou;
303  GEN 12:4  Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la; e Lot te ale avè l. Epi Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
306  GEN 12:7  SENYÈ a te parèt a Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
307  GEN 12:8  Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel, e li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès; epi la li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
316  GEN 12:17  Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.
323  GEN 13:4  nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an; epi la Abram te rele non SENYÈ a.
328  GEN 13:9  Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe; si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat; oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
329  GEN 13:10  Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
332  GEN 13:13  Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
333  GEN 13:14  SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès;
337  GEN 13:18  Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
362  GEN 15:1  Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon, e te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou; rekonpans ou va gran.”
365  GEN 15:4  Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li e te di: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
367  GEN 15:6  Epi li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
368  GEN 15:7  Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
379  GEN 15:18  Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate;
384  GEN 16:2  Epi Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an; petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
387  GEN 16:5  Epi Saraï te di Abram: “Kite tò ki rive mwen an, vin sou ou. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
391  GEN 16:9  Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.”
392  GEN 16:10  Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”
393  GEN 16:11  Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis; epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.
395  GEN 16:13  Epi li te rele non a SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”; paske li te di:Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”?
399  GEN 17:1  Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram, e Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an; mache devan mwen, e rete san fot.
415  GEN 17:17  Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l:Èske yon pitit va fèt a yon nonm san lane? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”
426  GEN 18:1  Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant la nan chalè jounen an.
428  GEN 18:3  epi te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.
438  GEN 18:13  Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di:Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
439  GEN 18:14  Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
442  GEN 18:17  SENYÈ a te di:Èske Mwen kab kache Abraham sa ke M prè pou M fè a,
444  GEN 18:19  Paske Mwen te chwazi li, pou li kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li pou kenbe chemen SENYÈ a pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham sa ke li te pale de li a.”
445  GEN 18:20  Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase,
447  GEN 18:22  Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
448  GEN 18:23  Abraham te vin pwoche, e te di L:Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo?
450  GEN 18:25  “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
451  GEN 18:26  Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
452  GEN 18:27  Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.
455  GEN 18:30  Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
456  GEN 18:31  Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
458  GEN 18:33  Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
471  GEN 19:13  Paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
472  GEN 19:14  Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
474  GEN 19:16  Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li; yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.
478  GEN 19:20  Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”
482  GEN 19:24  Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe;
485  GEN 19:27  Alò, Abraham te leve granmmaten, li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a;
501  GEN 20:5  Èske li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”
514  GEN 20:18  Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.
515  GEN 21:1  Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la.
547  GEN 21:33  Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.
559  GEN 22:11  Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Epi li te di: “Men mwen isit la.”
562  GEN 22:14  Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré Bondye va fè pwovizyon, jan yo di jis jounen jodi a, “Nan mòn SENYÈ a, li va fè pwovizyon.”
563  GEN 22:15  Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la,
564  GEN 22:16  e li te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
593  GEN 24:1  Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj; epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
595  GEN 24:3  Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,
599  GEN 24:7  SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen. Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’, Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.
613  GEN 24:21  Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
618  GEN 24:26  Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a.
619  GEN 24:27  Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen; epi pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
623  GEN 24:31  Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
627  GEN 24:35  SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin rich; epi Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
632  GEN 24:40  “Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi, ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m.