Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   É    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

106  GEN 4:26  Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis; epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
112  GEN 5:6  Seth te viv san-senkant ane e li te vin papa Énosch.
113  GEN 5:7  Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis k fi.
115  GEN 5:9  Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
116  GEN 5:10  Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
117  GEN 5:11  Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
245  GEN 10:10  Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.
257  GEN 10:22  Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
309  GEN 12:10  Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a; ki fè Abram te desann an Égypte pou pase yon tan akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.
310  GEN 12:11  Epi li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl;
313  GEN 12:14  Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl.
320  GEN 13:1  Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
329  GEN 13:10  Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
338  GEN 14:1  Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan,
342  GEN 14:5  Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.
346  GEN 14:9  Kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.
379  GEN 15:18  Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram e te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate;
535  GEN 21:21  Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.
663  GEN 25:4  Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
677  GEN 25:18  Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
684  GEN 25:25  Epi premye a te vin parèt byen wouj, li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li; e yo te nonmen li Ésaü.
685  GEN 25:26  Apre frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü, e pou sa yo te rele li Jacob; epi Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
686  GEN 25:27  Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan, men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
687  GEN 25:28  Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
688  GEN 25:29  Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil;
689  GEN 25:30  epi Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
691  GEN 25:32  Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
693  GEN 25:34  Epi Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa; li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
695  GEN 26:2  Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte; rete nan peyi ke Mwen va montre ou a.
713  GEN 26:20  Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
727  GEN 26:34  Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an.
729  GEN 27:1  Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo, e li te di li: “Fis mwen.” Epi li te reponn li: “Men mwen.”
733  GEN 27:5  Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay.
734  GEN 27:6  Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü, e li te di:
739  GEN 27:11  Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
743  GEN 27:15  Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
747  GEN 27:19  Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a; mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
749  GEN 27:21  Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
750  GEN 27:22  Epi Jacob te pwoche papa li, li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
751  GEN 27:23  Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü; epi akoz sa, li te beni li.
752  GEN 27:24  Epi li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te di: “Se Mwen.”
758  GEN 27:30  Epi li te rive lè Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, ke Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
760  GEN 27:32  Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?”: Epi li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
762  GEN 27:34  Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri nan yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
765  GEN 27:37  Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
766  GEN 27:38  Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Epi Ésaü te leve vwa l e te kriye.
769  GEN 27:41  Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li; epi Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
770  GEN 27:42  Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
779  GEN 28:5  Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
782  GEN 28:8  Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac;
783  GEN 28:9  epi Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
932  GEN 32:4  Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.
933  GEN 32:5  Li te bay yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a;
935  GEN 32:7  Mesaje yo te retounen vè Jacob, e yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü, e non sèlman sa, men li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”
937  GEN 32:9  Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”
940  GEN 32:12  Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.
942  GEN 32:14  Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon kado pou frè li, Ésaü:
946  GEN 32:18  Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’
947  GEN 32:19  Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob; se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Epi gade byen, men li la dèyè nou.’”
948  GEN 32:20  Epi li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, a tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li.
962  GEN 33:1  Alò, Jacob te leve zye li, li te gade, e gade byen, Ésaü ki t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Epi li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
965  GEN 33:4  Epi Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.
970  GEN 33:9  Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
976  GEN 33:15  Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”
977  GEN 33:16  Epi Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a.
1013  GEN 35:1  Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel, rete la e fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
1028  GEN 35:16  Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.
1031  GEN 35:19  Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).
1033  GEN 35:21  Epi Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.
1041  GEN 35:29  Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
1042  GEN 36:1  Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
1043  GEN 36:2  Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
1045  GEN 36:4  Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
1046  GEN 36:5  Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
1047  GEN 36:6  Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
1049  GEN 36:8  Epi Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir; Ésaü se menm avèk Édom.
1050  GEN 36:9  Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
1051  GEN 36:10  Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
1052  GEN 36:11  Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.
1053  GEN 36:12  Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
1054  GEN 36:13  Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
1055  GEN 36:14  Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
1056  GEN 36:15  Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
1058  GEN 36:17  Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
1059  GEN 36:18  Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
1060  GEN 36:19  Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
1062  GEN 36:21  epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an.
1064  GEN 36:23  Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam.
1072  GEN 36:31  Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
1073  GEN 36:32  Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba.
1081  GEN 36:40  Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
1082  GEN 36:41  chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon,
1084  GEN 36:43  chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.