497 | GEN 20:1 | Alò Abraham te vwayaje soti la vè peyi Negev la, li te vin rete antre Kàdes ak Schur; e li te pase yon tan Guérar. |
1979 | EXO 16:31 | Lakay Israël te nonmen li lamàn, e li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl. |
1981 | EXO 16:33 | Moïse te di a Aaron: “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, e plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.” |
1983 | EXO 16:35 | Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja; yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an. |
4031 | NUM 11:6 | men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.” |
4032 | NUM 11:7 | Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik. |
4034 | NUM 11:9 | Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l. |
5142 | DEU 8:3 | “Li te fè nou vin enb, Li te kite nou grangou, e Li te bannou manje lamàn ke nou pa t konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. |
5155 | DEU 8:16 | Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. |
5948 | JOS 5:12 | Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo; epi fis Israël yo pa t gen lamàn ankò; men, yo te manje kèk nan donn tè Canaran an pandan ane sa a. |
12535 | NEH 9:20 | Ou te bay bon lespri pa Ou pou Enstwi yo, Lamàn Ou pa t refize antre nan bouch yo, ak dlo Ou te bay yo pou lè yo te swaf. |
13001 | JOB 6:19 | Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè yo te gen espwa wè yo. |
15195 | PSA 78:24 | Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la. |
17384 | PRO 31:30 | Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj. |
18118 | ISA 21:13 | Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo. |
18213 | ISA 26:13 | O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese. |
18309 | ISA 30:22 | Nou va jete gaye limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj fon yo ki kouvre ak lò toupatou. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!” |
21071 | EZK 22:26 | Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an e te pwofane bagay sen Mwen yo; yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp; yo kache zye yo devan Saba Mwen yo e Mwen vin pwofane pami yo. |
21641 | EZK 42:20 | Li te mezire li nan kat kote yo; li te gen yon miray ki te antoure l nèt; longè ki te senk-san ak lajè ki te senk-san an, pou te divize antre sa ki sen ak sa ki pwofàn. |
21691 | EZK 44:23 | Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. |
26357 | JHN 6:31 | “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’” |
26375 | JHN 6:49 | “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri. |
26652 | JHN 12:3 | Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele nà ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a. |
30176 | HEB 9:4 | Ki te gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. |
30802 | REV 2:17 | “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la. |
30839 | REV 4:3 | Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn; epi te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. |
31142 | REV 21:20 | senkyèm nan, oniks; sizyèm nan, sadwàn; setyèm nan, krizolit; uityèm nan, beril; nevyèm nan, topaz; dizyèm nan, krizopraz; onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis. |