Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   è    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

1  GEN 1:1  Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
2  GEN 1:2  Latè te san fòm e vid, epi tenèb te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3  GEN 1:3  Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
4  GEN 1:4  Bondye te wè ke limyè a te bon; epi Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
5  GEN 1:5  Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Epi te gen aswè, ak maten, yon jou.
6  GEN 1:6  Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
7  GEN 1:7  Bondye te fè gran espas la, e Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la; epi sa te vin konsa.
8  GEN 1:8  Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9  GEN 1:9  Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”; konsa sa te vin fèt.
10  GEN 1:10  Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11  GEN 1:11  Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, e bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”; epi se konsa li te fèt.
12  GEN 1:12  Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
13  GEN 1:13  Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14  GEN 1:14  Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15  GEN 1:15  ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Epi sa te vin konsa.
16  GEN 1:16  Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit; anplis, zetwal yo.
17  GEN 1:17  Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
18  GEN 1:18  epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la; epi Bondye te wè ke sa te bon.
19  GEN 1:19  Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20  GEN 1:20  Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
21  GEN 1:21  Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman, lo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l; Bondye te wè ke sa te bon.
22  GEN 1:22  Bondye te beni yo, e te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
23  GEN 1:23  Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24  GEN 1:24  Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.
25  GEN 1:25  Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo; tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26  GEN 1:26  Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27  GEN 1:27  Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
28  GEN 1:28  Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.