98 | GEN 4:18 | Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin apa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec. |
263 | GEN 10:28 | Obal, Abimaël, Séba, |
393 | GEN 16:11 | Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis; epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. |
397 | GEN 16:15 | Alò, Agar te fè yon fis pou Abram; e Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. |
398 | GEN 16:16 | Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a. |
416 | GEN 17:18 | Epi Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!” |
418 | GEN 17:20 | “Epi pou Ismaël, Mwen te tande ou; gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon. |
421 | GEN 17:23 | Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a. |
423 | GEN 17:25 | Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li. |
424 | GEN 17:26 | Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. |
668 | GEN 25:9 | Epi fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, |
671 | GEN 25:12 | Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham; |
672 | GEN 25:13 | epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam, |
675 | GEN 25:16 | Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo. |
676 | GEN 25:17 | Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane; epi li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li. |
783 | GEN 28:9 | epi Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la. |
957 | GEN 32:29 | Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.” |
961 | GEN 32:33 | Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan. |
981 | GEN 33:20 | Alò, la li te monte yon lotèl e li te rele li El-Elohé-Israël. |
988 | GEN 34:7 | Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a; epi mesye yo te blese, e yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt. |
1022 | GEN 35:10 | Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël. |
1033 | GEN 35:21 | Epi Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a. |
1034 | GEN 35:22 | Epi li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— |
1044 | GEN 36:3 | Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la. |
1072 | GEN 36:31 | Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo. |
1087 | GEN 37:3 | Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. |
1097 | GEN 37:13 | Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen voye ou bò kote yo.” Epi li te di li: “Mwen va ale”. |
1258 | GEN 42:5 | Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou. |
1297 | GEN 43:6 | Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?” |
1299 | GEN 43:8 | Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen, nou va leve ale, pou nou kapab viv, e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo. |
1302 | GEN 43:11 | Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado, yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann. |
1380 | GEN 45:21 | Alò, fis Israël yo te fè sa; epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. |
1387 | GEN 45:28 | Alò, Israël te di: “Sa sifi; fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.” |
1388 | GEN 46:1 | Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen, li te vini Beer-Schéba e li te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac. |
1389 | GEN 46:2 | Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan, e te di: “Jacob, Jacob.” Epi li te di: “Men mwen isit la.” |
1392 | GEN 46:5 | Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba, fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, e pitit yo, ak madanm yo nan cha ke Farawon te voye pou pote li yo. |
1395 | GEN 46:8 | Alò, sa yo se non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la. |
1416 | GEN 46:29 | Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël; depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan. |
1417 | GEN 46:30 | Epi Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.” |
1448 | GEN 47:27 | Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen, yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil. |
1450 | GEN 47:29 | Lè pou Israël mouri an t ap pwoche; li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, |
1452 | GEN 47:31 | Epi li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan. |
1454 | GEN 48:2 | Epi lè yo te fin pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou,” Israël te ranmase fòs li, e li te chita sou kabann nan. |
1460 | GEN 48:8 | Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?” |
1462 | GEN 48:10 | Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo. |
1463 | GEN 48:11 | Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.” |
1465 | GEN 48:13 | Joseph te pran yo tou pou Ephraïm avèk men dwat li vè bò goch Israël, e men goch li vè bò dwat Israël, e li te rale yo toupre li. |
1466 | GEN 48:14 | Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne. |
1472 | GEN 48:20 | Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’” |
1473 | GEN 48:21 | Epi Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. |
1476 | GEN 49:2 | Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo; epi koute Israël, papa nou. |
1481 | GEN 49:7 | Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi kòlè yo, paske li mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël. |
1490 | GEN 49:16 | Dan va jije pèp li kòm youn nan tribi Israël yo. |
1498 | GEN 49:24 | Men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la), |
1502 | GEN 49:28 | Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite. |
1509 | GEN 50:2 | Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël. |
1532 | GEN 50:25 | Epi Joseph te fè fis Israël yo sèmante, e te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.” |
1534 | EXO 1:1 | Alò sa yo se non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: |
1540 | EXO 1:7 | Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo. |
1542 | EXO 1:9 | Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. |
1545 | EXO 1:12 | Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante e plis yo t ap grandi jiskaske yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. |
1546 | EXO 1:13 | Ejipsyen yo te vin fòse fis Israël yo travay di; |
1578 | EXO 2:23 | Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la; epi kri pa yo akoz esklavaj sila a te leve rive jwenn Bondye. |
1580 | EXO 2:25 | Bondye te wè fis Israël yo, e sa te atire atansyon Li. |
1589 | EXO 3:9 | Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M; anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a. |
1590 | EXO 3:10 | Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.” |
1591 | EXO 3:11 | Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?” |
1593 | EXO 3:13 | Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?” |
1594 | EXO 3:14 | Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’” |
1595 | EXO 3:15 | Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo. |
1596 | EXO 3:16 | ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen vrèman enkyete pou nou menm, ak sa k ap fèt a nou menm an Égypte la. |
1598 | EXO 3:18 | “Yo va koute sa ke ou di yo a; epi ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin vè wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’ |
1624 | EXO 4:22 | Epi ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. |
1631 | EXO 4:29 | Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo; |
1633 | EXO 4:31 | Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo, yo te bese ba, pou te adore Li. |
1634 | EXO 5:1 | Epi apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’” |
1635 | EXO 5:2 | Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.” |
1647 | EXO 5:14 | Anplis de sa, fòmann a fis Israël yo ke chèf kòve a Farawon yo te mete sou yo a te pran kou, e yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?” |
1648 | EXO 5:15 | Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon, e te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo? |
1652 | EXO 5:19 | Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.” |
1661 | EXO 6:5 | Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.” |
1662 | EXO 6:6 | “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a, Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman. |
1665 | EXO 6:9 | Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a. |
1667 | EXO 6:11 | “Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.” |
1668 | EXO 6:12 | Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?” |
1669 | EXO 6:13 | Epi SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron, Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la. |
1670 | EXO 6:14 | Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi. |
1678 | EXO 6:22 | Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri. |
1682 | EXO 6:26 | Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.” |
1683 | EXO 6:27 | Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte; se te menm Moïse avèk Aaron sa a. |
1688 | EXO 7:2 | Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo, e frè ou a, Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a. |
1690 | EXO 7:4 | Farawon an pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte, e mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman. |
1691 | EXO 7:5 | “Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.” |
1747 | EXO 9:4 | Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’” |
1749 | EXO 9:6 | Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri. |
1750 | EXO 9:7 | Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale. |
1769 | EXO 9:26 | Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la. |
1778 | EXO 9:35 | Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la. |
1798 | EXO 10:20 | Men SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale. |