Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   ï    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

237  GEN 10:2  Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
241  GEN 10:6  Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
248  GEN 10:13  Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim.
254  GEN 10:19  Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza; epi lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
296  GEN 11:29  Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï; e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca.
297  GEN 11:30  Saraï te esteril; li pa t gen pitit.
298  GEN 11:31  Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li; epi yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an; epi yo te ale jis rive Haran, e yo te vin rete la.
304  GEN 12:5  Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, epi yo te pati pou peyi Canaan an; konsa yo te vin rive Canaan.
307  GEN 12:8  Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel, e li te monte tant li, avèk Béthel nan lwès, ak Aï nan lès; epi la li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.
310  GEN 12:11  Epi li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl;
316  GEN 12:17  Men SENYÈ a te frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.
339  GEN 14:2  Ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.
342  GEN 14:5  Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.
345  GEN 14:8  Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt; epi yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan,
381  GEN 15:20  Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
383  GEN 16:1  Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit, e li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar.
384  GEN 16:2  Epi Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an; petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.
385  GEN 16:3  Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.
387  GEN 16:5  Epi Saraï te di Abram: “Kite tò ki rive mwen an, vin sou ou. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”
388  GEN 16:6  Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou; fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.
390  GEN 16:8  Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
396  GEN 16:14  Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi; gade byen, li la antre Kadès ak Bared.
413  GEN 17:15  Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li.
654  GEN 24:62  Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev.
670  GEN 25:11  Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac; epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
931  GEN 32:3  Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Epi li te nonmen plas sa a Mahanaïm.
1134  GEN 38:14  Alò, li te retire vètman vèv li a, li te kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna; paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante li devan li kòm madanm.
1141  GEN 38:21  Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “pa t gen jennès tanp isit la.”
1248  GEN 41:52  Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: “Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.”
1407  GEN 46:20  Alò, a Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
1453  GEN 48:1  Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Epi li te pran de fis li yo, Manassé ak Éphraïm avèk li.
1457  GEN 48:5  “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m; Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke Ruben avèk Siméon.
1465  GEN 48:13  Joseph te pran yo tou pou Ephraïm avèk men dwat li vè bò goch Israël, e men goch li vè bò dwat Israël, e li te rale yo toupre li.
1466  GEN 48:14  Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan Manassé te premye ne.
1469  GEN 48:17  Lè Joseph te vin wè ke papa li te poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan, e li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé.
1472  GEN 48:20  Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’”
1518  GEN 50:11  Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm fè dèy pou Ejipsyen yo, ki lòtbò Jourdain an.
1565  EXO 2:10  Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Epi li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”
1566  EXO 2:11  Epi li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè travay di yo; epi li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.
1569  EXO 2:14  Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè, e li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
1570  EXO 2:15  Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
1572  EXO 2:17  Epi bèje yo te vin pouse yo ale, men Moïse te kanpe pou te ede yo, e yo te bay bann mouton pa yo bwè.
1576  EXO 2:21  Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.
1581  EXO 3:1  Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an, li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn a Bondye a.
1583  EXO 3:3  Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
1584  EXO 3:4  Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”
1586  EXO 3:6  Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
1591  EXO 3:11  Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
1593  EXO 3:13  Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
1594  EXO 3:14  Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
1595  EXO 3:15  Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
1603  EXO 4:1  Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
1605  EXO 4:3  Epi li te di: “Jete l atè.” Epi li te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.
1606  EXO 4:4  Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” Epi li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
1612  EXO 4:10  Epi Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
1616  EXO 4:14  Epi lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou; epi lè li wè ou, kè li va kontan.
1620  EXO 4:18  Epi Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a, e li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, e wè si yo toujou vivan.” Epi Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”
1621  EXO 4:19  Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”
1622  EXO 4:20  Epi Moïse te pran madanm li avèk fis li yo, yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.
1623  EXO 4:21  SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo; men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.
1627  EXO 4:25  Epi Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a, li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”
1629  EXO 4:27  Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.
1630  EXO 4:28  Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.
1631  EXO 4:29  Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo;
1632  EXO 4:30  Epi Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout sign yo devan zye a pèp la.
1634  EXO 5:1  Epi apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’”
1637  EXO 5:4  Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.”
1653  EXO 5:20  Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.
1655  EXO 5:22  Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
1657  EXO 6:1  Epi SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon; paske anba gwo presyon li va lage yo, e anba gwo presyon, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
1658  EXO 6:2  Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se SENYÈ a;
1665  EXO 6:9  Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
1666  EXO 6:10  Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
1668  EXO 6:12  Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
1669  EXO 6:13  Epi SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron, Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.
1673  EXO 6:17  Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo.
1676  EXO 6:20  Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane.
1682  EXO 6:26  Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”
1683  EXO 6:27  Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte; se te menm Moïse avèk Aaron sa a.
1684  EXO 6:28  Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la,
1685  EXO 6:29  Ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a; pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.”
1686  EXO 6:30  Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, mwen manke swa nan pale; konsa kijan Farawon va koute mwen?”
1687  EXO 7:1  Epi SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou yon dye devan Farawon, epi frè ou a Aaron va pwofèt ou.
1692  EXO 7:6  Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
1693  EXO 7:7  Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.
1694  EXO 7:8  Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di:
1696  EXO 7:10  Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a; epi Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.
1700  EXO 7:14  Epi SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale.
1705  EXO 7:19  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san; epi va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”
1706  EXO 7:20  Epi Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Epi li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san.
1712  EXO 7:26  Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.
1716  EXO 8:1  Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
1719  EXO 8:4  Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an; epi mwen va kite pèp la ale, pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”
1720  EXO 8:5  Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
1721  EXO 8:6  Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
1723  EXO 8:8  Epi Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo.
1724  EXO 8:9  SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la, krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo.
1727  EXO 8:12  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
1731  EXO 8:16  Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”