Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   ü    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

684  GEN 25:25  Epi premye a te vin parèt byen wouj, li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li; e yo te nonmen li Ésaü.
685  GEN 25:26  Apre frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü, e pou sa yo te rele li Jacob; epi Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
686  GEN 25:27  Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan, men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
687  GEN 25:28  Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
688  GEN 25:29  Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil;
689  GEN 25:30  epi Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
691  GEN 25:32  Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
693  GEN 25:34  Epi Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa; li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
727  GEN 26:34  Ésaü te gen karant ane, li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an.
729  GEN 27:1  Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo, e li te di li: “Fis mwen.” Epi li te reponn li: “Men mwen.”
733  GEN 27:5  Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay.
734  GEN 27:6  Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü, e li te di:
739  GEN 27:11  Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
743  GEN 27:15  Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
747  GEN 27:19  Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a; mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
749  GEN 27:21  Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
750  GEN 27:22  Epi Jacob te pwoche papa li, li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
751  GEN 27:23  Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü; epi akoz sa, li te beni li.
752  GEN 27:24  Epi li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te di: “Se Mwen.”
758  GEN 27:30  Epi li te rive lè Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, ke Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
760  GEN 27:32  Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?”: Epi li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
762  GEN 27:34  Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri nan yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
765  GEN 27:37  Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
766  GEN 27:38  Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Epi Ésaü te leve vwa l e te kriye.
769  GEN 27:41  Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li; epi Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
770  GEN 27:42  Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
779  GEN 28:5  Alò, Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
782  GEN 28:8  Konsa Ésaü te wè ke fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac;
783  GEN 28:9  epi Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
932  GEN 32:4  Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.
933  GEN 32:5  Li te bay yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a;
935  GEN 32:7  Mesaje yo te retounen vè Jacob, e yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü, e non sèlman sa, men li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”
937  GEN 32:9  Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”
940  GEN 32:12  Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.
942  GEN 32:14  Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon kado pou frè li, Ésaü:
946  GEN 32:18  Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’
947  GEN 32:19  Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob; se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Epi gade byen, men li la dèyè nou.’”
948  GEN 32:20  Epi li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, a tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li.
962  GEN 33:1  Alò, Jacob te leve zye li, li te gade, e gade byen, Ésaü ki t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Epi li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
965  GEN 33:4  Epi Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.
970  GEN 33:9  Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
973  GEN 33:12  Epi Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou, ale, e mwen va ale devan nou.”
976  GEN 33:15  Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”
977  GEN 33:16  Epi Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a.
1013  GEN 35:1  Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel, rete la e fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
1041  GEN 35:29  Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
1042  GEN 36:1  Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
1043  GEN 36:2  Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
1045  GEN 36:4  Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
1046  GEN 36:5  Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
1047  GEN 36:6  Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
1049  GEN 36:8  Epi Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir; Ésaü se menm avèk Édom.
1050  GEN 36:9  Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
1051  GEN 36:10  Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
1053  GEN 36:12  Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
1054  GEN 36:13  Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
1055  GEN 36:14  Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
1056  GEN 36:15  Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
1058  GEN 36:17  Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
1059  GEN 36:18  Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
1060  GEN 36:19  Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
1078  GEN 36:37  Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
1079  GEN 36:38  Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li.
1081  GEN 36:40  Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
1084  GEN 36:43  chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.
1671  EXO 6:15  Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo.
4504  NUM 26:13  a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo.
4944  DEU 2:4  epi kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon;
4945  DEU 2:5  Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.
4948  DEU 2:8  “Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Epi nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
4952  DEU 2:12  Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
4962  DEU 2:22  jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.
4969  DEU 2:29  jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
6482  JOS 24:4  A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü; epi a Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede; men, Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte. Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo; epi apre, Mwen te mennen nou sòti.
7395  1SA 9:2  Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
7396  1SA 9:3  Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo, leve, al chache bourik yo.”
7398  1SA 9:5  Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini e annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
7400  1SA 9:7  Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske, pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
7401  1SA 9:8  Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.”
7403  1SA 9:10  Epi Saül te di a sèvitè a: “Byen pale; vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a.
7408  1SA 9:15  Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di:
7410  1SA 9:17  Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
7411  1SA 9:18  Epi Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
7412  1SA 9:19  Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la; paske, w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.
7414  1SA 9:21  Saül te reponn: “Èske m se pa yon Benjamit, pi piti nan tout tribi Israël yo, fanmi pa m pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
7415  1SA 9:22  Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a, li te mennen yo antre nan gran sal la e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye.
7417  1SA 9:24  Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Epi Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè chwazi a, akoz mwen te di ou mwen te envite moun yo.” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
7418  1SA 9:25  Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.
7419  1SA 9:26  Epi yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a e te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari.
7420  1SA 9:27  Pandan yo t ap desann e prèske fin kite vil la, Samuel te di a Saül: “Di a sèvitè a ke li kapab ale avanse devan nou; men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab pwoklame pawòl Bondye a a ou menm.”
7431  1SA 10:11  Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
7432  1SA 10:12  Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?”
7434  1SA 10:14  Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Epi lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”
7435  1SA 10:15  Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
7436  1SA 10:16  Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
7441  1SA 10:21  Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo e yo te pran fanmi Matri a. Epi Saül, fis a Kish la te vin pran; men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.
7446  1SA 10:26  Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.
7451  1SA 11:4  Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
7452  1SA 11:5  Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo, e li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo.