Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word!”    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

60  GEN 3:4  Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!”
416  GEN 17:18  Epi Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”
555  GEN 22:7  Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
559  GEN 22:11  Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Epi li te di: “Men mwen isit la.”
713  GEN 26:20  Bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li.
842  GEN 30:11  Epi Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad.
1104  GEN 37:20  Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
1117  GEN 37:33  Epi li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li; Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
1149  GEN 38:29  Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, (ke) frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Epi li te nonmen li Pérets.
1162  GEN 39:12  Li Madanm nan te kenbe li nan vètman li, e te di: “Kouche avè m!” Epi li te kite vètman li nan men l, e li te sove ale deyò.
1584  EXO 3:4  Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”
1594  EXO 3:14  Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
1638  EXO 5:5  Ankò Farawon te di: “Gade, pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!”
1807  EXO 10:29  Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”
2035  EXO 19:8  Tout pèp la te reponn ansanm, e yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a.
2181  EXO 24:3  Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa, e te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”
2465  EXO 32:26  Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.
2471  EXO 32:32  Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”
2492  EXO 33:18  Epi Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”
2494  EXO 33:20  Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M e viv!”
4054  NUM 11:29  Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!”
4072  NUM 12:12  O Pa kite Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
4073  NUM 12:13  Moïse te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”
4202  NUM 16:7  epi mete dife ladann, poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Nonm nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
4229  NUM 16:34  Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
4241  NUM 17:11  Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann, mete lansan an sou li; pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo, paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a; gwo epidemi an kòmanse!”
4428  NUM 23:11  Epi Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
4442  NUM 23:25  Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
5961  JOS 6:10  Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
5967  JOS 6:16  Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
6716  JDG 7:20  Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!”
6720  JDG 7:24  Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin a Éphraïm yo, e te di: “Vin desann kont Madian e pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bethbara avèk rivyè Jourdain an!”
6785  JDG 9:29  Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Epi li te di: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!”
6794  JDG 9:38  Epi Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”
6960  JDG 16:9  Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
6963  JDG 16:12  Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
6965  JDG 16:14  Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
6971  JDG 16:20  Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.
6981  JDG 16:30  Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
7050  JDG 19:24  Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!”
7170  RUT 2:19  Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!” Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.”
7193  RUT 4:1  Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita.
7209  RUT 4:17  Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed Li se papa a Jessé, papa a David.
7282  1SA 3:4  ke SENYÈ a te rele Samuel; epi li te reponn: “Men mwen isit la!”
7288  1SA 3:10  Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
7308  1SA 4:9  Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!”
7444  1SA 10:24  Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò e te di: “Viv Wa a!”
7529  1SA 14:19  Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
7553  1SA 14:43  Alò Saül te di a Jonathan: “Di mwen kisa ou te fè a.” Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen; fòk mwen mouri!”
7630  1SA 17:10  Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”
7734  1SA 20:2  Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
7770  1SA 20:38  Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.
7806  1SA 22:16  Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!”
7850  1SA 24:9  Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.
7886  1SA 25:22  Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!”
7964  1SA 28:19  Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
8052  2SA 1:27  Kijan pwisan yo te tonbe e zam lagè yo te vin peri!”
8100  2SA 3:16  Men mari li te ale avèk li, li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.
8236  2SA 9:6  Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David e te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth.” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
8335  2SA 13:15  Alò Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”
8336  2SA 13:16  Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!” Men li pa t koute li.
8433  2SA 16:4  Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”
8437  2SA 16:8  SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a; epi, SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou; paske, ou se yon nonm ki vèse san!”
8445  2SA 16:16  Epi li te vin rive lè Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!”
8513  2SA 18:32  Alò, wa a te di a Etyopyen an: “Èske sa byen avèk jennonm nan, Absalom?” Epi Etyopyen an te reponn: “Kite lènmi a mèt mwen yo, wa a, ak tout moun ki leve kont ou pou mal yo, devni tankou jennonm sila a!”
8514  2SA 19:1  Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
8518  2SA 19:5  Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
8558  2SA 20:1  Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri a, yon Benjamit; epi, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a; tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
8671  2SA 23:15  David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!”
8711  2SA 24:16  Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a e te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
8759  1KI 1:39  Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
8795  1KI 2:22  Wa Salomon te reponn li e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!”
8845  1KI 3:26  Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
9170  1KI 12:16  Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.
9217  1KI 13:30  Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li e yo te kriye pou li, e te di: “Anmwey, frè m!”
9338  1KI 17:18  Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”
9358  1KI 18:14  Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’
9511  1KI 22:28  Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: “Koute, tout pèp nou an!”
9558  2KI 2:3  Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Epi li te di: “Wi, mwen konnen. Pa pale!”
9567  2KI 2:12  Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!” Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.
9578  2KI 2:23  Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la, yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv; ale monte, tèt chòv!”
9603  2KI 3:23  Epi yo te di: “Sa se san; asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
9683  2KI 6:5  Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo; epi li te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen Paske se prete li te ye!”
9704  2KI 6:26  Pandan wa Israël la t ap pase sou mi an, yon fanm te kriye fò a li menm e te di: “Fè m sekou, mèt mwen, O Wa a!”
9773  2KI 9:13  Epi yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la, yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
9783  2KI 9:23  Alò, Joram te frennen cha a tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: “Trayizon, O Achazia!”
9845  2KI 11:12  Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
9847  2KI 11:14  Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”
9889  2KI 13:14  Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
9892  2KI 13:17  Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske, ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”
9893  2KI 13:18  Epi li te di: “Pran flèch yo!” Epi li te pran yo. Li te di a wa Israël la: “Frape tè a!” Epi li te frape li twa fwa e te sispann.
10694  1CH 11:17  David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
10743  1CH 12:19  Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou; Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Epi David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
11416  2CH 10:16  Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a. Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
11574  2CH 18:27  Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè; SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Epi li te di: “Koute byen, tout pèp yo!”
11672  2CH 23:11  Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Epi Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”
11674  2CH 23:13  Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”
11704  2CH 24:22  Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”
12367  NEH 3:35  Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li e te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”
12394  NEH 5:7  Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.