Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word,”    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

622  GEN 24:30  Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a; e konsa, li te kanpe akote chamo yo nan sous la.
780  GEN 28:6  Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,”
1169  GEN 39:19  Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, li te pale a li e te di: “Men sa esklav ou a te fè m,” li te vin brile avèk kòlè.
1454  GEN 48:2  Epi lè yo te fin pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou,” Israël te ranmase fòs li, e li te chita sou kabann nan.
2083  EXO 21:5  Men si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,”
3813  NUM 5:20  Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,”
5337  DEU 15:16  “Li va vin rive ke si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske, li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou;
6876  JDG 12:5  Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”,
7054  JDG 19:28  Li te di li: “Leve non, annou ale,” men, pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la; epi nonm nan te leve ale lakay li.
7258  1SA 2:16  Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.”
7320  1SA 4:21  Epi li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa gen tan kite Israël,” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.
8272  2SA 11:10  Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
8522  2SA 19:9  Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.
9378  1KI 18:34  Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa.
9439  1KI 20:28  Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”
9515  1KI 22:32  Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò.
11286  2CH 5:13  ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan,” konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
11332  2CH 7:3  Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a; “Konsa Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
11578  2CH 18:31  Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, SENYÈ a te ede li e Bondye te distrè yo pou yo te kite l.
12376  NEH 4:6  Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”
12503  NEH 8:6  Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. E, tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.
14091  PSA 13:5  Epi lènmi mwen an va di: “Mwen fin genyen li,” Epi advèsè mwen yo va rejwi lè m pran chòk.
15090  PSA 73:15  Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” Gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
15515  PSA 94:18  Si mwen ta di: “pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
16201  PSA 129:1  “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, jiskaske m vin gran,” Kite Israël di koulye a:
16318  PSA 139:11  Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen, e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
16484  PRO 1:14  Tire osò pa ou ansanm ak nou, nou tout va gen yon bous,”
16649  PRO 7:4  Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,” e rele sajès pi bon zanmi ou;
17182  PRO 24:33  “Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men pou repoze,”
17405  ECC 2:2  Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
17446  ECC 3:17  Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske, gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.
17526  ECC 7:27  “Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.”
17858  ISA 7:6  Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo e fè fis a Tabeel la vin wa nan mitan li,”
17896  ISA 8:19  Lè yo di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen,” Èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?
18020  ISA 14:22  “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo, “Epi va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo a sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.
18021  ISA 14:23  “Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo e Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.
18056  ISA 17:3  Vil fòtifye a va disparèt Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie; yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
18078  ISA 19:4  Anplis, Mwen va delivre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan e yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
18181  ISA 24:16  Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”
18246  ISA 28:12  Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute.
18247  ISA 28:13  Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
18274  ISA 29:11  Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon liv ki fèmen ak so, sila lè yo bay li a yon moun ki konn li e di l: “Souple, li sa a,” li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.”
18431  ISA 37:9  Lè li menm wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
18491  ISA 40:1  “Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.
18585  ISA 43:10  “Nou temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Epi sèvitè ke M te chwazi, pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
18644  ISA 45:13  Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa; Li va bati vil Mwen yo e va kite egzile Mwen yo vin libere, san okenn pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.
18724  ISA 49:18  “Leve zye ou e gade toupatou; yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: “Ou va, anverite abiye ak yo tout pou yo sèvi kon bijou ou e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”
18771  ISA 52:5  Alò, pou sa, kisa Mwen gen isit la,” deklare SENYÈ a: “Konsi pèp Mwen an te retire san koz?” Ankò deklare SENYÈ a: “Sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan e non Mwen blasfeme tout lajounen.
18799  ISA 54:6  Paske SENYÈ a te rele ou kon yon madanm abandone e atriste nan lespri, menm kon madanm nan jenès li lè l abandone,” Bondye ou di.
18803  ISA 54:10  Paske mòn yo kapab deplase e kolin yo ka souke, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou e akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
18810  ISA 54:17  Nanpwen zam ki fòme kont ou ki va reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo e revandikasyon pa yo sòti nan Mwen,” deklare SENYÈ a.
18854  ISA 57:19  Mwen va kreye lwanj a lèv yo. “Lapè, lapè pou sila ki lwen yo e pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri li.”
18890  ISA 59:20  “Yon Redanmtè va vini nan Sion e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
18891  ISA 59:21  “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
18991  ISA 65:25  Lou ak ti mouton va manje ansanm e lyon an va manje pay kon bèf; epi pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. Yo p ap fè ni mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” di SENYÈ a.
18993  ISA 66:2  Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men a sila Mwen va gade a; sila ki enb ak kè ki repanti a e ki tranble devan pawòl Mwen yo.
19014  ISA 66:23  Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.
19034  JER 1:19  Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
19053  JER 2:19  Pwòp mechanste ou va korije ou e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè pou ou abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
19056  JER 2:22  Malgre se ak savon lesiv e ou ta savonnen anpil, tach inikite ou rete devan M,” deklare Senyè BONDYE a.
19063  JER 2:29  Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.
19072  JER 3:1  Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.
19085  JER 3:14  “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a; “Paske Mwen se yon mèt pou nou, Mwen va retire nou youn nan yon vil e de nan yon fanmi e Mwen va mennen nou Sion.”
19105  JER 4:9  “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè a prens yo va fè fayit; epi prèt yo va sezi e pwofèt yo va etone.”
19136  JER 5:9  “Èske Mwen p ap pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Epi sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
19142  JER 5:15  Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.
19170  JER 6:12  Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo ak madanm yo ansanm; paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.
19199  JER 7:11  Èske kay sila a, ki rele pa non pa M non vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
19201  JER 7:13  Epi alò, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen te pale ak nou, Mwen te leve bonè pou te pale, men nou pa t tande e Mwen te rele nou, men nou pa t reponn,
19218  JER 7:30  “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li.
19220  JER 7:32  Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, akoz pa gen lòt kote.
19225  JER 8:3  Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
19233  JER 8:11  Yo fè gerizon pèp Mwen an ak pansman ki lejè lè y ap di: “lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
19234  JER 8:12  Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo; nan lè pinisyon pa yo, yo va vin abese,” di SENYÈ a.
19239  JER 8:17  “Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan kont nou, vipè ki p ap ka chame; e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
19258  JER 9:13  Men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a,”
19268  JER 9:23  Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa, ke li gen konprann e li rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a; ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
19335  JER 12:17  Men si yo pa koute; alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.
19387  JER 15:3  “Mwen va chwazi sou yo kat kalite madichon,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou rale fè yo sòti e bèt syèl ak bèt latè pou devore e detwi yo.
19390  JER 15:6  Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a, “Ou kontinye ap fè bak. Pou sa, Mwen va lonje men M kont ou pou detwi ou; Mwen bouke pran pasyans avèk ou!
19393  JER 15:9  Sila ki te fè sèt pitit gason la ap vin chagren; l ap mal pou li rale souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.
19404  JER 15:20  Epi Mwen va fè ou a pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz; epi malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
19410  JER 16:5  Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo, ni pa konsole yo; paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.
19419  JER 16:14  “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè sa p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’,
19421  JER 16:16  “Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo; epi apre, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.
19450  JER 17:24  Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,
19482  JER 19:6  Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.
19488  JER 19:12  Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth.
19506  JER 20:15  Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan e ki te di a: “Yon tigason te fèt a ou menm,” e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
19519  JER 21:10  Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’
19528  JER 22:5  Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”
19555  JER 23:2  Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale e nou pa t okipe yo: gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.
19557  JER 23:4  Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo; epi yo p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.
19565  JER 23:12  Akoz sa, chemen pa yo va tankou yon wout glise pou yo; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane vizitasyon yo,” deklare SENYÈ a.
19583  JER 23:30  Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”
19585  JER 23:32  Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo pa manti yo ak ògèy san kontwòl yo; malgre se pa Mwen ki te voye yo ni kòmande yo, ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
19591  JER 23:38  Paske si nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Men akoz nou te sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!’
19610  JER 25:7  “Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
19612  JER 25:9  Gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an, Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo e kont tout nasyon ki antoure li yo; epi Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.
19673  JER 27:8  “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi li a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan. Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.