635 | GEN 24:43 | Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e a moun mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”, |
1353 | GEN 44:28 | epi youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa. |
6688 | JDG 6:32 | Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede kont li”, akoz li te chire lotèl li.” |
6953 | JDG 16:2 | Lè sa te pale pami moun Gaza yo, yo te di: “Samson vin isit la”, yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.” |
7402 | 1SA 9:9 | (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la; lontan, te konn rele divinò.) |
8504 | 2SA 18:23 | “Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an. |
14083 | PSA 12:6 | “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, Koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite pou sa li anvi a.” |
14310 | PSA 27:8 | Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, Kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ; Se li, mwen va chache.” |
14757 | PSA 53:2 | Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”, Yo konwonpi e te fè zak enjis ki abominab; Nanpwen ki fè sa ki bon. |
15131 | PSA 75:5 | Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye”, e a mechan an: “Pa leve kòn nan; |
16553 | PRO 3:28 | Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w. |
17038 | PRO 20:14 | “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a; men lè l fè wout li, li vin plen ògèy. |
17173 | PRO 24:24 | Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li; |
17290 | PRO 28:24 | Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi. |
17387 | ECC 1:2 | “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” |
17522 | ECC 7:23 | Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen. |
17545 | ECC 8:17 | Konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li. |
17601 | ECC 12:8 | “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!” |
17783 | ISA 3:6 | Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”, |
18020 | ISA 14:22 | “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo, “Epi va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo a sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a. |
18136 | ISA 22:14 | Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm a mwen menm: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo. |
18147 | ISA 22:25 | “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Pikèt ki kondwi antre yon kote solid la, va kase tonbe; epi chaj ki kwoke sou li a va koupe nèt; paske SENYÈ a te pale.” |
18246 | ISA 28:12 | Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute. |
18288 | ISA 30:1 | “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki akonpli yon plan, men ki pa pa M; ki fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M; pou ogmante peche sou peche; |
18308 | ISA 30:21 | Zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”, nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch. |
18359 | ISA 33:10 | “Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte; koulye a Mwen va leve wo. |
18535 | ISA 41:14 | “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo; Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a: “epi Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la. |
18542 | ISA 41:21 | “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a. “Pote l devan gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la. |
18587 | ISA 43:12 | Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou; konsa nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye. |
18706 | ISA 48:22 | “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di. |
18794 | ISA 54:1 | “Rele fò ak lajwa, O ou menm ki pa t kapab fè pitit; Eklate nan yon gwo kri lajwa e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan; paske fis a abandone yo a va plis ke fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di. |
18801 | ISA 54:8 | Nan yon anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a. |
18818 | ISA 55:8 | “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w, ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a. |
18928 | ISA 62:4 | Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye. |
18973 | ISA 65:7 | Ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire ansyen zèv yo te fè, remèt jis rive nan lestonmak yo.” |
19008 | ISA 66:17 | “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv nan sant lan yon moun k ap manje chè kochon, bagay abominab ak sourit, va vin fini konplètman”, deklare SENYÈ a. |
19011 | ISA 66:20 | Epi yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a, sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, SENYÈ a di: “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a. |
19012 | ISA 66:21 | Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di. |
19013 | ISA 66:22 | “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. |
19023 | JER 1:8 | Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di. |
19030 | JER 1:15 | Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a; “Epi yo va vini, e yo chak va plase twòn yo nan antre pòtay a Jérusalem, kont tout miray antoure li yo e kont tout vil Juda yo. |
19043 | JER 2:9 | “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Epi avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont. |
19081 | JER 3:10 | Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a. |
19087 | JER 3:16 | Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo, yo p ap sonje li, yo p ap fè manke l, ni li p ap refèt ankò. |
19091 | JER 3:20 | “Anverite, kon yon fanm pati kite ak koken sila ke li renmen an, se konsa ou te fè pati kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a. |
19097 | JER 4:1 | “Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “alò ou ta dwe retounen kote Mwen. Epi si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen e vin pa varye menm, |
19138 | JER 5:11 | Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a. |
19145 | JER 5:18 | “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt. |
19172 | JER 6:14 | Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè. Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè. |
19173 | JER 6:15 | Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm; yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo; nan lè ke Mwen pini yo a, yo va vin abese yo”, di SENYÈ a. |
19223 | JER 8:1 | “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. |
19247 | JER 9:2 | “Yo koube lang yo konsi se banza; se manti san laverite ki domine peyi a; paske yo kite yon mechanste pou antre nan yon lòt e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a. |
19250 | JER 9:5 | Abitasyon ou nan mitan desepsyon; nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a. |
19349 | JER 13:14 | Mwen va kraze yo youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’” |
19360 | JER 13:25 | “Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo. |
19516 | JER 21:7 | Epi apre”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, menm sila ki chape nan vil sa a soti nan epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo; epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’ |
19547 | JER 22:24 | “Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou; |
19558 | JER 23:5 | “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati; epi li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a. |
19560 | JER 23:7 | “Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè yo p ap di ankò: ‘Kon SENYÈ a ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi Égypte la viv la,’ |
19564 | JER 23:11 | Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt; menm anndan lakay Mwen an, Mwen jwenn mechanste yo”, deklare SENYÈ a. |
19584 | JER 23:31 | “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang ak yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’. |
19601 | JER 24:8 | “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo——anverite, konsa”, pale SENYÈ a——“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. |
19632 | JER 25:29 | Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an, èske nou va konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl a nepe kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.’” |
19723 | JER 29:19 | Akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo; men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a. |
19761 | JER 31:1 | “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo e yo va vin pèp Mwen.” |
19780 | JER 31:20 | Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a. |
19787 | JER 31:27 | “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. |
19791 | JER 31:31 | “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël e avèk lakay Juda, |
19793 | JER 31:33 | “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo e yo va pèp Mwen. |
19830 | JER 32:30 | “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a. |
19858 | JER 33:14 | “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la M te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a. |
19892 | JER 34:22 | Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a; epi yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife; epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.” |
19952 | JER 37:9 | “Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale. |
20137 | JER 46:23 | “Yo fin koupe forè li a”, deklare SENYÈ a; Anverite, li p ap twouve ankò; malgre, koulye a, yo plis pase gwo lame krikèt volan lè yo anvayi tè; fòs kantite yo depase kontwòl. |
20161 | JER 48:12 | Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki ranvèse bato yo e yo va ranvèse li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo. |
20184 | JER 48:35 | M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a: “Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki brile lansan a dye li yo. |
20193 | JER 48:44 | “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a. |
20198 | JER 49:2 | Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè kont Rabbath, fis a Ammon yo; epi li va devni pil dezole e vil li yo va limen ak dife. Epi Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,” pale SENYÈ a. |
20209 | JER 49:13 | Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon; epi tout vil li yo va vin pil mazi.” |
20214 | JER 49:18 | Tankou boulvèsman Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo”, di SENYÈ a: “pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan fis a lòm ki rete la. |
20226 | JER 49:30 | “Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”, deklare SENYÈ a: “Paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fòme yon plan kont nou e te envante yon manèv kont nou. |
20255 | JER 50:20 | Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.” |
20266 | JER 50:31 | “Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo, “Paske jou pa ou a fin rive, lè ke M va pini ou a. |
20270 | JER 50:35 | “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo! |
20305 | JER 51:24 | “Men Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a. |
20316 | JER 51:35 | Ke vyolans anvè mwen an e anvè chè mwen an kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di. |
20317 | JER 51:36 | “Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou e egzije vanjans nèt pou ou; epi Mwen va seche lanmè li e fè sous li yo vin sèch. |
20320 | JER 51:39 | Lè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a. |
20333 | JER 51:52 | “Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va pini zidòl yo e sila ak blese mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a. |
20334 | JER 51:53 | Malgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a. |
20338 | JER 51:57 | Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo, pou yo ka dòmi yon dòmi san rete e pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo. |
20708 | EZK 10:6 | Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”, li te antre e te kanpe akote yon wou. |
20814 | EZK 14:14 | Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, pa pwòp ladwati yo se sèl pwòp tèt pa yo ke yo ta ka delivre”, deklare Senyè BONDYE a. |
20816 | EZK 14:16 | Menmsi twa mesye sila yo te la nan mitan l, kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Se yo sèl ki t ap delivre, men peyi a t ap vin dezole nèt. |
20879 | EZK 16:48 | Kon Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Sodome, sè ou a, ak fi li yo pa t fè menm jan ak ou ak fi ou yo. |
20921 | EZK 18:3 | “Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. |
20997 | EZK 20:33 | Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Anverite, ak yon men pwisan, ak yon bra lonje e avèk chalè a kòlè Mwen vide deyò, Mwen va vin wa sou nou. |
21000 | EZK 20:36 | Jan Mwen te antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a. |
21037 | EZK 21:29 | “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou; nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt, pou tout zak peche nou yo vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men an va vin sezi nou. |
21110 | EZK 23:34 | Ou va bwè li e vide li nèt. Epi ou va manje kraze ti mòso li yo ak dan ou e dechire tete ou; paske Mwen te pale”, deklare Senyè BONDYE a. |