3814 | NUM 5:21 | (alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt e vant ou vin anfle; |
10048 | 2KI 18:20 | Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an? |
18592 | ISA 43:17 | Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan a (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji): |
18649 | ISA 45:18 | Paske konsa pale SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a (Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Li te etabli li e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann): “Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt. |
21654 | EZK 43:13 | “Epi sa yo se mezi lotèl la an koude (koude ki se yon koude plis mezi yon pla men): baz la va yon koude, lajè a va yon koude e arebò sou akote a va anviwon yon pous; epi sa va wotè a baz lotèl la. |
28067 | ROM 3:8 | Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. |