67 | GEN 3:11 | Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a? |
86 | GEN 4:6 | Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? |
87 | GEN 4:7 | Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou; epi dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.” |
90 | GEN 4:10 | Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. |
317 | GEN 12:18 | Epi Farawon te rele Abram e te di li: “Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? |
318 | GEN 12:19 | Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.” |
328 | GEN 13:9 | Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe; si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat; oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.” |
415 | GEN 17:17 | Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm san lane? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” |
439 | GEN 18:14 | “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.” |
443 | GEN 18:18 | Paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni? |
448 | GEN 18:23 | Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? |
449 | GEN 18:24 | Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo? |
463 | GEN 19:5 | epi yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab gen antre an relasyon avèk yo.” |
470 | GEN 19:12 | Epi de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, fi ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a; |
478 | GEN 19:20 | Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.” |
500 | GEN 20:4 | Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li; epi li te di: “Senyè, èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? |
505 | GEN 20:9 | Alò, Abimélec te rele Abraham e li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: |
521 | GEN 21:7 | Epi li te di: “kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Deja, m ba li yon fis nan vyeyès li.” |
531 | GEN 21:17 | Bondye te tande jènjan an t ap kriye; epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la, e li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. |
587 | GEN 23:15 | “Mèt mwen, koute mwen; yon mòso tè ki vo kat-san pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.” |
615 | GEN 24:23 | epi li te di: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?” |
703 | GEN 26:10 | Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.” |
761 | GEN 27:33 | Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.” |
764 | GEN 27:36 | Epi li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?” |
766 | GEN 27:38 | Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Epi Ésaü te leve vwa l e te kriye. |
811 | GEN 29:15 | Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?” |
821 | GEN 29:25 | Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?” |
846 | GEN 30:15 | Men li te di li: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Epi èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Epi Rachel te di: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.” |
888 | GEN 31:14 | Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete? |
889 | GEN 31:15 | Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou, e osi li te fin manje tout sa ke nou te fin achte. |
900 | GEN 31:26 | Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe? |
901 | GEN 31:27 | Poukisa ou te sove ale an sekrè, ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap? |
910 | GEN 31:36 | Alò, Jacob te vin fache, li te konfwonte Laban; epi Jacob te di Laban: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa? |
911 | GEN 31:37 | Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a. |
917 | GEN 31:43 | Epi Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen, e tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? |
976 | GEN 33:15 | Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” |
1004 | GEN 34:23 | Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.” |
1092 | GEN 37:8 | Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pou pawòl li yo. |
1094 | GEN 37:10 | Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo; epi papa li te reprimande li e te di li: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?” |
1097 | GEN 37:13 | Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an Sichem? Vini pou mwen voye ou bò kote yo.” Epi li te di li: “Mwen va ale”. |
1110 | GEN 37:26 | Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e kache san li? |
1181 | GEN 40:8 | Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa pou Bondye? Di m istwa sa a, souple.” |
1275 | GEN 42:22 | Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ epi nou te refize tande? Koulye a fwi san li an vin parèt.” |
1298 | GEN 43:7 | Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou, e li te di: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’” |
1329 | GEN 44:4 | Yo te fenk kite vil la e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo, e lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? |
1330 | GEN 44:5 | Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’” |
1332 | GEN 44:7 | Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa. |
1333 | GEN 44:8 | Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la? |
1340 | GEN 44:15 | Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?” |
1341 | GEN 44:16 | Epi Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo; gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.” |
1436 | GEN 47:15 | Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.” |
1440 | GEN 47:19 | Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.” |
1483 | GEN 49:9 | Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve? |
1526 | GEN 50:19 | Men Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye? |
1569 | EXO 2:14 | Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè, e li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.” |
1575 | EXO 2:20 | Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.” |
1613 | EXO 4:11 | SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? |
1616 | EXO 4:14 | Epi lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou; epi lè li wè ou, kè li va kontan. |
1635 | EXO 5:2 | Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.” |
1637 | EXO 5:4 | Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan travay nou.” |
1648 | EXO 5:15 | Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon, e te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo? |
1655 | EXO 5:22 | Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an? |
1737 | EXO 8:22 | Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch? |
1781 | EXO 10:3 | Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. |
1785 | EXO 10:7 | Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?” |
1901 | EXO 14:11 | Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte? |
1905 | EXO 14:15 | Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen? Di pèp la avanse. |
1956 | EXO 16:8 | Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin pen nan maten; paske SENYÈ a tande plent, ke nou fè kont Li yo. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.” |
1976 | EXO 16:28 | Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo? |
1986 | EXO 17:2 | Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse, e te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Epi Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?” |
1988 | EXO 17:4 | Alò Moïse te kriye a SENYÈ a, e te di: “Kisa pou m ta fè a pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.” |
2014 | EXO 18:14 | Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?” |
2141 | EXO 22:26 | Paske se sa sèl ki kouvri li; se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd. |
2450 | EXO 32:11 | Epi Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? |
2490 | EXO 33:16 | Paske kijan sa kapab vin konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?” |
2995 | LEV 10:17 | “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a. |
3490 | LEV 25:20 | “Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p rasanble pwodwi nou;’ |
4029 | NUM 11:4 | Sanzave ki te pami yo te gen lide ki voras; epi osi, fis Israël yo te vin kriye dlo nan zye ankò e te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? |
4036 | NUM 11:11 | Pou sa, Moïse te di a SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? |
4037 | NUM 11:12 | Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete; a yon peyi ke Ou te sèmante a papa yo?’ |
4038 | NUM 11:13 | Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m e di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ |
4048 | NUM 11:23 | SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.” |
4054 | NUM 11:29 | Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” |
4062 | NUM 12:2 | epi yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman pa Moïse? Èske Li pa t pale pa nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa. |
4074 | NUM 12:14 | Men SENYÈ a te di a Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an, e apre, l ap kapab vin resevwa ankò.” |
4095 | NUM 13:19 | Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? |
4096 | NUM 13:20 | Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi. |
4112 | NUM 14:3 | Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?” |
4120 | NUM 14:11 | SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo? |
4136 | NUM 14:27 | Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen. |
4150 | NUM 14:41 | Men Moïse te di: “Poukisa nou ap transgrese kòmandman a SENYÈ a, lè sa p ap reyisi? |
4205 | NUM 16:10 | Li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap chache pozisyon prèt la tou? |
4208 | NUM 16:13 | Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin domine sou nou? |
4209 | NUM 16:14 | Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte? |
4316 | NUM 20:4 | Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la? |
4317 | NUM 20:5 | Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.” |
4346 | NUM 21:5 | Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.” |
4406 | NUM 22:30 | Bourik la te di a Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te di: “non”. |
4408 | NUM 22:32 | Zanj SENYÈ a te di a li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen. |
4413 | NUM 22:37 | Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?” |