Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word?”    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

65  GEN 3:9  Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”
69  GEN 3:13  Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
89  GEN 4:9  Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. “Èske mwen se gadyen frè m nan?”
363  GEN 15:2  Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
369  GEN 15:8  Li te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
390  GEN 16:8  Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”
415  GEN 17:17  Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm san lane? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”
434  GEN 18:9  Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” Epi li te di: “Nan tant lan”.
437  GEN 18:12  Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”
450  GEN 18:25  “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
453  GEN 18:28  Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
454  GEN 18:29  Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
455  GEN 18:30  Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
456  GEN 18:31  Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
457  GEN 18:32  Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
506  GEN 20:10  Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”
543  GEN 21:29  Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”
555  GEN 22:7  Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.” Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
597  GEN 24:5  Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a; èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
615  GEN 24:23  epi li te di: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
623  GEN 24:31  Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
650  GEN 24:58  Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” Epi li te reponn: “M ap prale.”
657  GEN 24:65  Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” Epi sèvitè a te di: “Li se mèt mwen.” Epi li Rebecca te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
681  GEN 25:22  Men pitit yo te an konfli anndan vant li; e li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Epi li te ale mande a SENYÈ a.
691  GEN 25:32  Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
720  GEN 26:27  Isaac te di yo: “Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e pouse mwen lwen nou?”
746  GEN 27:18  Epi li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
748  GEN 27:20  Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
752  GEN 27:24  Epi li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” Epi li te di: “Se Mwen.”
764  GEN 27:36  Epi li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”
765  GEN 27:37  Men Isaac te reponn a Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li mwen te bay li yo kòm sèvitè; epi avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
773  GEN 27:45  jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
774  GEN 27:46  Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo; si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”
801  GEN 29:5  Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
802  GEN 29:6  Epi li te di yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te di: “Wi, tout bagay ale byen pou li; men fi li a, Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
811  GEN 29:15  Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
821  GEN 29:25  Epi nan maten, li vin parèt ke se te Léa! Epi li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m nan ye la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
833  GEN 30:2  Epi chalè Jacob te brile kont Rachel, e li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
846  GEN 30:15  Men li te di li: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Epi èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Epi Rachel te di: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
861  GEN 30:30  Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
862  GEN 30:31  Epi li te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” Epi Jacob te di: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo;
904  GEN 31:30  Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”
956  GEN 32:28  Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Epi li te di: “Jacob.”
958  GEN 32:30  Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la.
966  GEN 33:5  Li te leve zye li; li te wè fanm yo, e li te di: “Se kilès sila yo ki avèk ou la a?” Epi li te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
969  GEN 33:8  Epi li te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Epi li te di: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”
1012  GEN 34:31  Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”
1092  GEN 37:8  Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pou pawòl li yo.
1094  GEN 37:10  Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo; epi papa li te reprimande li e te di li: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?”
1099  GEN 37:15  Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an; epi mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?”
1114  GEN 37:30  Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”
1136  GEN 38:16  Epi li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi li te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”
1137  GEN 38:17  Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”
1138  GEN 38:18  Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Epi li te bay yo a li menm, li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm.
1141  GEN 38:21  Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “pa t gen jennès tanp isit la.”
1145  GEN 38:25  Epi se te pandan yo t ap mete li deyò ke li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Epi li te di: “Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès bagay sign sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”
1159  GEN 39:9  Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”
1180  GEN 40:7  Li te mande ofisye Farawon an sila yo ki te avèk li anprizone nan kay mèt li a: “Poukisa figi nou tris konsa jodi a?”
1234  GEN 41:38  Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”
1254  GEN 42:1  Alò, Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?”
1260  GEN 42:7  Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Epi li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”
1281  GEN 42:28  Epi li te di a frè li yo: “Lajan mwen an remèt wi, e gade byen, li la menm nan sak mwen an.” Epi kè yo te plonje desann, yo te vire, tou ap tranble youn ak lòt, e te di: “Kisa ke Bondye gen tan fè pou nou la a?”
1297  GEN 43:6  Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
1318  GEN 43:27  Li te mande yo si tout bagay ale byen, e li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
1320  GEN 43:29  Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Epi li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”
1340  GEN 44:15  Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”
1359  GEN 44:34  Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m?”
1362  GEN 45:3  Alò, Joseph te di a frè li yo: “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te twouble akoz prezans li.
1424  GEN 47:3  Alò, Farawon te di a frè li yo: “Ki metye nou?” Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.”
1429  GEN 47:8  Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?”
1460  GEN 48:8  Lè Israël te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”
1522  GEN 50:15  Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou e vin fè vanjans pou sa nou te fè l la?”
1551  EXO 1:18  Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo, e te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
1562  EXO 2:7  Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?”
1568  EXO 2:13  Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt; epi li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”
1569  EXO 2:14  Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè, e li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
1573  EXO 2:18  Lè yo te vin kote Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?”
1591  EXO 3:11  Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
1593  EXO 3:13  Epi Moïse te di a Bondye: “Gade byen, m ap prale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
1603  EXO 4:1  Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
1604  EXO 4:2  SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”
1647  EXO 5:14  Anplis de sa, fòmann a fis Israël yo ke chèf kòve a Farawon yo te mete sou yo a te pran kou, e yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”
1668  EXO 6:12  Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen manke swa nan pale?”
1686  EXO 6:30  Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, mwen manke swa nan pale; konsa kijan Farawon va koute mwen?”
1785  EXO 10:7  Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”
1786  EXO 10:8  Alò, yo te mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon, e li te di yo: “Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?”
1895  EXO 14:5  Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la, e yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale kite sèvis nou yo?”
1945  EXO 15:24  Alò, pèp la te plenyen kont Moïse, e te di: “Kisa n ap bwè?”
1955  EXO 16:7  epi nan maten a nou va wè glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a; epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”
1963  EXO 16:15  Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa te ye. Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje.
1986  EXO 17:2  Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse, e te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Epi Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”
1991  EXO 17:7  Li te nonmen kote a Massa e Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv, e te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”
2014  EXO 18:14  Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
2460  EXO 32:21  Epi Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”
2490  EXO 33:16  Paske kijan sa kapab vin konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”
2997  LEV 10:19  Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Lè bagay konsa yo vin rive mwen, si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?”
3973  NUM 9:7  Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè chwazi pami fis Israël yo?”
4047  NUM 11:22  “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?”
4062  NUM 12:2  epi yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman pa Moïse? Èske Li pa t pale pa nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
4068  NUM 12:8  Avèk li, Mwen pale bouch a bouch louvri menm, pa nan pawòl parabòl, li wè fòm a SENYÈ a menm. Poukisa nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”