1359 | GEN 44:34 | Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m?” |
1783 | EXO 10:5 | Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an. |
1828 | EXO 12:11 | Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a. |
1829 | EXO 12:12 | “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt; epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a. |
2229 | EXO 25:33 | Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a; |
2464 | EXO 32:25 | Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo—— |
2468 | EXO 32:29 | Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.” |
2471 | EXO 32:32 | Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!” |
2624 | EXO 37:19 | twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann, yon boujon avèk yon flè nan lòt branch lan—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo. |
2632 | EXO 37:27 | Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote li yo—kote ki opoze yo—kòm soutyen pou poto ki t ap pote li yo. |
3030 | LEV 11:32 | Osi, nenpòt bagay sou li youn nan yo ta ka tonbe lè yo mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò. |
3566 | LEV 26:41 | Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a. |
4117 | NUM 14:8 | Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. |
4235 | NUM 17:5 | kòm yon sonj a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la. |
4758 | NUM 32:38 | Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo. |
8795 | 1KI 2:22 | Wa Salomon te reponn li e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!” |
10289 | 1CH 1:33 | Fis a Madian yo: Épha, Épher, Hénoc, Abida avèk Eldaa—Tout sila yo se te fis a Ketura. |
11241 | 2CH 3:7 | Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo; epi li te grave cheriben yo sou mi yo. |
11968 | 2CH 34:30 | Wa a te monte vè lakay SENYÈ a e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a. |
17442 | ECC 3:13 | Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye. |
17869 | ISA 7:17 | SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a. |
18271 | ISA 29:8 | Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv——e gade byen, l ap manje; men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rev—epi gade byen, l ap bwe, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa satisfè. Se konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye. |
20566 | EZK 2:5 | Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute——paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo. |
20653 | EZK 7:7 | Move lè ou a fin rive, O moun peyi a. Lè a rive, jou toupre—gwo zen olye de lajwa ap kriye sou mòn yo. |
20903 | EZK 17:9 | “Pale, ‘Konsa di Senyè BONDYE a: “Èske li va grandi byen? Èske li pa t rache rasin li yo e koupe fwi li, pou li fennen nèt—pou tout fèy k ap pete yo ta fennen? Epi kit se pa gwo fòs, kit se pa anpil moun, li p ap ka leve sòti nan rasin li ankò. |
20904 | EZK 17:10 | Gade byen, malgre li ta plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo—fennen sou ban kote li te plante a?”’” |
21037 | EZK 21:29 | “Akoz sa”, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou te mennen inikite nan memwa nou; nan sa, transgresyon nou yo vin dekouvri nèt, pou tout zak peche nou yo vin parèt—akoz nou vin sonje yo, men an va vin sezi nou. |
21116 | EZK 23:40 | “Anplis, yo te menm voye mesye ki te sòti lwen yo, bay sila mesaje te voye yo; epi gade byen, yo te vini—pou sila ou te benyen yo, pentire zye ou e dekore tèt ou ak dekorasyon yo; |
21440 | EZK 36:12 | Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.” |
21500 | EZK 38:6 | Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.” |
21675 | EZK 44:7 | Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo. |
24540 | MRK 7:8 | “Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay” |
25717 | LUK 16:28 | Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’ |
28887 | 2CO 1:19 | Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. |
29040 | 2CO 10:1 | Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! |
29154 | GAL 2:6 | Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. |
29173 | GAL 3:4 | Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven? |
29182 | GAL 3:13 | Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” |
29548 | COL 1:16 | Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. |
29654 | 1TH 2:17 | Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi empasyan ak lanvi pou wè figi nou. |
29655 | 1TH 2:18 | Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou. |
29726 | 2TH 1:10 | Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a. |
29870 | 1TI 6:15 | Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. |
29894 | 2TI 1:18 | ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan jou sa a—e ke ou konnen trè byen ki sèvis li te rann nan Éphèse. |
30014 | PHM 1:9 | malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus. |
30453 | 1PE 1:12 | Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann. |
30512 | 1PE 3:21 | Sa se yon modèl pare ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. |
30823 | REV 3:9 | Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, e ki pa sa yo, men se manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou. |