606 | GEN 24:14 | Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’:, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’ lese li se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac; epi konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.” |
637 | GEN 24:45 | “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’” |
941 | GEN 32:13 | Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’” |
949 | GEN 32:21 | Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li; petèt li kapab aksepte mwen.’” |
3847 | NUM 6:23 | Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo: |
5012 | DEU 4:6 | Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’ |
5171 | DEU 9:12 | Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a; yo te fè yon imaj fonn pou yo.’ |
5199 | DEU 10:11 | Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’ |
6637 | JDG 5:12 | ‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak e fè sòti kaptif ou yo, O fis Abinoam nan’ |
6848 | JDG 11:17 | Alò, Israël te voye mesaje yo vè wa Édom an, e te di: ‘Souple, annou travèse peyi nou an;’ men, wa a Édom an te refize koute. Epi yo te anplis, voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès. |
7158 | RUT 2:7 | Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten a jis rive koulye a; li te chita nan kay la pou yon ti tan.” |
7287 | 1SA 3:9 | Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. |
7439 | 1SA 10:19 | Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.” |
7456 | 1SA 11:9 | Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan. |
7474 | 1SA 12:12 | “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou. |
8034 | 2SA 1:9 | Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske, gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ |
8133 | 2SA 4:10 | lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la. |
8325 | 2SA 13:5 | Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje; kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje soti nan men li.’” |
9416 | 1KI 20:5 | Alò, mesaje yo te retounen e te di: “Konsa pale Ben-Hadad: ‘Anverite, mwen te voye kote ou pou te di: “Ou va ban mwen ajan ou avèk lò ou avèk madanm ou ak pitit ou yo, |
9443 | 1KI 20:32 | Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: “Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.” |
9620 | 2KI 4:13 | Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a; se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Epi li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.” |
9786 | 2KI 9:26 | ‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.” |
10099 | 2KI 19:34 | ‘Paske, Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’” |
13413 | JOB 22:20 | Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt e gwo fòs byen pa yo, dife a fin manje l nèt.’ |
19083 | JER 3:12 | Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. |
19148 | JER 5:21 | ‘Alò, tande sa, O pèp ki plen foli e ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè; ki gen zòrèy, men ki pa ka tande. |
19541 | JER 22:18 | Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li: ni ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li: ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ ni ‘Anmwey, pou grandè li!’ |
19687 | JER 27:22 | ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’” |
19739 | JER 30:3 | Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda.’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo e yo va posede li.’” |
19817 | JER 32:17 | ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, |
19911 | JER 35:19 | Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’” |
19981 | JER 38:17 | Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa a Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv. |
20054 | JER 42:10 | ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou; paske Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. |
20131 | JER 46:17 | Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’ |
20151 | JER 48:2 | Pa genyen lwanj pou Moab ankò; nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, moun fou yo, va vin an silans; nepe va swiv nou. |
20295 | JER 51:14 | SENYÈ dèzame yo te sèmante pa Li menm: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’ |
20626 | EZK 5:11 | Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo e ak tout abominasyon nou yo; pou sa, Mwen tou va ralanti fè bak, zye m p ap gen pitye e Mwen p ap epanye (pèsòn). |
20910 | EZK 17:16 | “‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te plase li sou twòn nan, sèman a sila li te meprize a e akò a sila li te kraze a; nan Babylone, li va mouri. |
20912 | EZK 17:18 | ‘Alò, li te meprize sèman an lè l te kraze akò a e gade byen, li te fè sèman li an, men gade tout bagay li te fè; li p ap chape.’” |
20916 | EZK 17:22 | “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va ranje li; Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon mòn ki byen wo. |
21435 | EZK 36:7 | Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’ |
21968 | DAN 5:25 | “Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’ |
22007 | DAN 7:5 | “Epi vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li; epi konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’ |
22938 | HAG 2:14 | Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo ak sa ke yo ofri la yo vin pa pwòp. |
23171 | MAL 1:13 | Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ dèzame yo: “epi nou te pote sa ke yo te pran nan vòlè, sa ki te bwate ak sa ki te malad; konsa, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a. |
23406 | MAT 7:21 | “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. |
23407 | MAT 7:22 | Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ |
23547 | MAT 11:19 | Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zak li yo.” |
23635 | MAT 13:27 | Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’ |
23637 | MAT 13:29 | “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. |
24049 | MAT 24:23 | “Epi si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. |
24086 | MAT 25:9 | “Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou; pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’ |
24088 | MAT 25:11 | “Pita lòt vyèj yo te vini e yo te di: ‘Senyè, Senyè, louvri pòt la pou nou. |
24097 | MAT 25:20 | Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan; ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’ |
24099 | MAT 25:22 | “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan; ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’ |
24101 | MAT 25:24 | “Epi sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. |
24111 | MAT 25:34 | “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. |
24114 | MAT 25:37 | “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? |
24117 | MAT 25:40 | “Epi wa a va reponn e di yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’ |
24121 | MAT 25:44 | “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’ |
25155 | LUK 4:23 | Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’” |
25261 | LUK 6:46 | “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di? |
25298 | LUK 7:34 | Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! |
25479 | LUK 11:5 | Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. |
25547 | LUK 12:19 | Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’” |
25569 | LUK 12:41 | “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’” |
25594 | LUK 13:7 | Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ |
25612 | LUK 13:25 | Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, pandan n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’, alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen kote nou sòti’. |
25619 | LUK 13:32 | Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen; epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve. |
25669 | LUK 15:12 | Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban mpati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li tedivize byen li pami yo. |
25675 | LUK 15:18 | Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou; |
25678 | LUK 15:21 | Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou; mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou. |
25714 | LUK 16:25 | “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan la vi ou, ou te resevwa bon bagay yo, e menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. |
25716 | LUK 16:27 | “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— |
25768 | LUK 18:11 | “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. |
25820 | LUK 19:20 | “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; |
25823 | LUK 19:23 | ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’ |
25825 | LUK 19:25 | “Epi yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’ |
26676 | JHN 12:27 | “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a. |
27359 | ACT 10:31 | Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. |
27779 | ACT 22:7 | Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’ |
27782 | ACT 22:10 | “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “E Senyè a te di mwen: ‘Leve, ale antre Damas; e la ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’ |
27791 | ACT 22:19 | Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. |
27793 | ACT 22:21 | “Epi Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’” |
27905 | ACT 26:14 | Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’ |
30207 | HEB 10:7 | Answit, Mwen te di: ‘Gade, Mwen gen tan vini (nan woulo liv la li ekri sou Mwen) “Pou fè volonte Ou, o Bondye.’” |
31072 | REV 18:10 | Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’ |