Wildebeest analysis examples for:   hat-hatbsa   Word.”’    February 11, 2023 at 18:42    Script wb_pprint_html.py   by Ulf Hermjakob

4936  DEU 1:42  “Epi SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen; paske Mwen pa pami nou; otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’
5787  DEU 32:27  Si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an; Ke lènmi pa yo ta mal konprann; pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a, Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
6050  JOS 9:11  Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la, ale rankontre yo e di yo: “Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’
6456  JOS 22:28  “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’
8391  2SA 14:32  Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou di: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la a.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
9232  1KI 14:11  Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l; paske, SENYÈ a te pale.”’
9763  2KI 9:3  Epi pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi louvri pòt la, kouri sove ale; pa tann.”
10166  2KI 22:17  Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a e li p ap etenn.”’
18415  ISA 36:15  Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’
18466  ISA 38:6  Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a; epi Mwen va defann vil sa a.”’
19347  JER 13:12  “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’
19386  JER 15:2  Epi li va vin rive ke lè yo mande ou: ‘Ki kote nou prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; epi sila ki pou nepe yo, a nepe; epi sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou e sila ki pou kaptif yo a kaptivite.”’
19464  JER 18:11  “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo e kont moun ki rete Jérusalem yo, epi di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou e Mwen ap fòme yon plan kont nou. O vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li an e korije de zak nou yo.”’
19485  JER 19:9  Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo, yo va manje chè youn lòt nan syèj la ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’
19516  JER 21:7  Epi apre”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, menm sila ki chape nan vil sa a soti nan epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo; epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’
19519  JER 21:10  Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’
19908  JER 35:16  Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’
20642  EZK 6:10  Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a; Mwen pa t pale anven lè M te di ke Mwen ta mennen dezas sa a fè vin rive sou yo.”’
20740  EZK 11:16  “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, byenke mwen te yon abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo te ale yo.”’
20759  EZK 12:10  “Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Fado sa a se pou prens Jérusalem nan, li menm ak tout lakay Israël ki ladann nan.”’
20772  EZK 12:23  Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.
20865  EZK 16:34  Konsa, ou diferan de fanm sa yo nan fè pwostitisyon ou an; nan sa, nanpwen moun ki jwe pwostitiye tankou ou; akoz ou menm konn bay lajan e pa janm resevwa lajan; konsa, ou diferan.”’
20990  EZK 20:26  Epi Mwen te deklare yo pa pwòp akoz de sakrifis yo; ladan yo, yo te koze tout premye ne yo pase nan dife pou Mwen ta fè yo vin dezole, pou yo ta konnen ke se Mwen menm ki SENYÈ a.”’
20993  EZK 20:29  Epi Mwen te di yo: ‘Kisa wo plas kote nou prale a ye?’ Pou sa, yo rele non plas sa a “Bama “jis rive jou sa a.”’
21018  EZK 21:10  Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’
21040  EZK 21:32  Yon dezolasyon, yon dezolasyon, yon dezolasyon, Mwen va fè l. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a vini e Mwen va bay li a Li menm.”’
21378  EZK 33:29  Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’
21398  EZK 34:16  “Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo e ranfòse malad yo; men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje jijman.”’
21433  EZK 36:5  Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon viktim.”’
21434  EZK 36:6  Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’
21486  EZK 37:20  Bwa sou sila ou va ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’
22963  ZEC 1:16  Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen a Jérusalem ak mizerikòd; Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “yon lign va vin detire sou Jérusalem.”’
23068  ZEC 8:23  Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la e va di: ‘Nan p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’