1882 | EXO 13:14 | “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, e di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. |
19386 | JER 15:2 | Epi li va vin rive ke lè yo mande ou: ‘Ki kote nou prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; epi sila ki pou nepe yo, a nepe; epi sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou e sila ki pou kaptif yo a kaptivite.”’ |
24712 | MRK 11:3 | Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’; e konsa, l ap voye l isit la.” |